« VA » ak « VAR » ap vale teren
Nou siyale sa deja nan plizyè tèks nou pibliye: kapasite pèp haytien genyen pou envante, transfòme epi adapte li fas a divès sitiyasyon ki parèt devan li se yon eleman ki atire atansyon chak jou pi plis. E sa dwe yon preyokipasyon pou chèchè nan domèn sosyoloji, lengwistik, kominikasyon, elatriye.
Jodi a, n ap gade kijan mo « VA », « VAR »pran divès sans nan sosyete haytien an.
Mo VA te deja tabli kò li byen fon nan kilti nou, nan pratik nou, nan kotidyen epi nan echanj nou gen ak moun. Menm si VA pa pote menm chaj semantik ak lòt "VAR" ki fenk ap antre nan sosyete nou an, men nou pral montre tou kèk kote de (2) VA / VAR yo ka kwaze.
Premye « VA» n ap abòde nan tèks sa senbolize souvan yon pinga, yon entèdiksyon pou yon moun fè oubyen pa fè yon aksyon, yon menas, yon defi, yon mizangad, kidonk, moun nan ba ou VA. Egzanp: (mwen ba w « VA»pou w mete pye w Repiblik Dominikèn apre Dominiken fin masakre tout konpatriyòt nou sa yo!) Oubyen, (mwen ba w VA pou w pa ale Pòmago demen.) Haytien te deja abitye ak espresyon sa e yo konnen sa li vle di. Nan plas VA sa nou ka mete DEFI. (Mwen ba w DEFI touche Bib mwen an= mwen bay VA pou w touche bib la!).
Si vous avez déjà créé un compte, connectez-vous GRATUITEMENT pour lire la suite de cet article.
Pas encore de compte ? Inscrivez-vous
0 commentaire
Les échanges courtois et argumentés font la qualité du débat.
Connectez-vous pour commenter. Un compte garantit que votre nom n'est utilisé que par vous.
Se connecter Créer un compte
Aucun commentaire pour l'instant. Soyez la première personne à réagir.