Partir trop tôt : des mots pour le sociologue, philosophe et professeur, Coriollan Robenson
Tu commences à comprendre la vie chaque fois que tu perds prématurément quelqu’un qui t’est cher. C’est alors que tu découvres cette étrange stase où la vie semble se durcir, se figer, devenir plus silencieuse. Bwo.
La vie ne prévient pas. Elle arrache. Elle emporte sans demander la permission. Elle laisse derrière elle des souvenirs, des questions et des silences auxquels aucune réponse ne suffit.
Lavi san wont sè mwen ;
Lavi manj atè,
san di mèsi, makòmè.
La vie peut être injuste jusqu’à l’absurde. Elle nous apprend parfois par la perte ce que nous n’avions pas encore compris par la présence.
Et lorsque quelqu’un part trop tôt, une part de nous reste suspendue entre le souvenir et l’incompréhension.
C’est peut-être cela, grandir : apprendre à vivre avec certaines absences sans jamais accepter leur injustice.
Lavi al fè pyesòl nan fouk pantalèt solèy la
Lavi t al lage degidon nan bègwenn lasirèn
Se sa k fè lanmò krache nan pwèl ou
Tank on kalbas gran djòl
Ki p ap sere kras
Zanmi, ale an pè
Sa fè m konpran lavi s on masisi sal ki pa pè antre nan nenpòt fiftiyèl
Li s on poupe twèl k ap dodo meya nan kafou simityè, zanmi m, ale an pè, vye frè
Lavi se yon rityèl,
Se yon ranvwa k ap kraze kalbas avan lè wi, bwo
Li s on grenn pis ki kole nan fant mouda lalin
Nan bay fo lespwa,
Fè fo alsiyis, k ap bay zetwal yo goute anvan lè
Lavi s on loray kraze
Yon sèkèy nan kalfou pòtoprens
Yon tou limen nan tou lele, bwo
Lavi
S on kase lezo
Lavi s on kout gouyad malpwopte
S on kolonn zenyèz k ap taye banda sou do lasosyete
Ou kwè koze, bwo
Repoze an pè, zanmi
Lavi s on ponyen sèl kay jouda
K ap gate manje nan men malerèz
San zatann,
Pandan l ap moute bon sant anba nen w
Lavi se madanm Satan
Menaj Bondje
Filè lanmò
Lavi s on ponyen malpwòpte k ap mache fè kadejak gran jounen nan lakou lakay
Lavi s on vye kadejakè, k ap mache bay sipriz
Lavi s on ponyen feyay k ap kalalou lespwa
S on kouch kras sal nan pwent tete lespwa
S on grenn pinèz nan jèvrin tout rèv
S on kout gouyad anvlimen k ap flannen
Nan dada Bondje
S on kout tòlpin deraye k ap taye banda
Nan fant janm nyaj yo
Lavi s on ponyen pongongon
K ap mache simen lespwa
Anba djòl lanmò
S on tou limen k ap teke ketez nan flann fènwa
Yon kout anmwey malerèz nan gran chimen
Yon kout « wouch manman, sa di wi »
Yon kout « ayayay mezanmi, kote koze soti »,
Lavi se madanm lanmò
S on endijan k ap mache pete pa bay pèsonn santi
S on blofè k ap mache bay tout moun lespwa
Enpi k ap disparèt padan w panse tout bagay sou kontwòl
Lavi
S on gòje lespwa
S on kout anmwey k ap dodo meya
Nan jèvrin landemen
Yon souflèt lavi ka fleri yon lè “ou pa konnen”
Yon grenn k ap boujonnen
Sou pwent tete lakansyèl
Yon kout pete sou tèt bengwenn lasosyete
Lavi
S on kiyè vèmisèl nan djòl lanmò
S on gode dlo glase k ap rafredi djòl lanfè
S on demen marasa k ap bat do lensifè
S on kiyè laseyenyay nan djòl lanmò
S on kout “ lanmèd “ nan fontjanm djòl zanj Gabriyèl
Coriollan, ou fè m konprann
Lavi
S on plòt krache nan pla men Bondje
S on te vèvenn k ap satiyèt chimen lespwa
S on kouchèt sal k ap tòchònnen fant mouda lespwa
S on tizàn k ap tranpe nan gòg dezespwa
Yon kiyè akasan “se k on w pran w konnen “
S on moso pen rasi
S on ti tak siwo
S on ponyen malpwopte k ap souri bay lavi
Lannuit kou lajounen
Lavi, Coriollan
S on myanm myanm kaka chat
S on kolangyèt manman san atann
S on kout lannèd ki pa ka tann
S on kèt mesye “ ou kwè se vre”
Lavi s on tonnè boule
S on kout loray kraze
Lavi se yon tanpri souple
Lavi s on “ m soupriye w an gras, leve m wo, mete m ba”
Lavi
S on kannannan nan “lakou sa m fè yo”
S on abègwè k ap fè “makomè filalang”
S on bòs Jewòm k ap tann lespwa vin di l bonswa
S on lanmen cho nan kòtòf lavi miyò
S on pla men cho lakay manbo
S on kiyè sezisman nan gòj tout zanmi
Tout fanmi k pa ka desann
S on kout rèl lasosyete k ap klenwonnen
San fen
Lavi se kèk kout gigit nan fant janm lanmò
Lavi se kèk kout pete anba tonèl lasosyete
Lavi se kèk kout “anmwey” mezanmi
Lavi se chimen lanmò
Se chimen “m pa fout ka tann ankò”
Lavi se kalbas gran djòl
Li rele lanmò lè l vle
Jan l vle
Lavi
S on mekanisyen
S on bòs soudi
S on bòs tayè
K ap taye pitit fi solèy la
Nan mezire wòb lakansyèl
K ap danse ketez nan nayèl “kwè nan tèt ou, kraze bèt ou”
S on vip pip nan chanlesperans
Tout mal pwòpte
S on lapriyè jouda
Lavi s on te vèvenn nan vèy lanmò
S on ji sitwon nan yon sòs aransò
Lavi s on kiyè tèt chaje k ap danse kay lanmò
S on dife pay mayi k ap chofe solèy
Lavi
S on maten
Lavi
S on midi
Lavi
S on aswè
Lavi
S on ayè m te wè w
S on atè miyò
S on kout pete lejandè
S on flanm solèy cho nan bègwenn lannò
S on ponyen fredi k ap toufonnen kò a
Lavi s on koukou wouj dèy lanmò
S on match amikal kay lanmò
Lavi s on tè glise
S on ponyen fatra nan djòl lespwa
S on pil kaka chat anba tab lanmò
Lavi
S on bèl ti mizik
K ap fè lanmò je dous
S on pil lòbèy k ap sot nan mouda solèy la
S on ponyen sèl fen nan gòj malandi
S on gran lakou djòl san-ti-Jewòm k ap souri ban mwen
Lavi
S on lajwa
Lavi
S on ay-we
La vi
S on regrè
Lavi
S on “m pa p fè sa ankò”
Lavi
S on rekòmanse…
Lavi
S on sanwont
K ap mache gwòs lanmò
San l pa janm okipe pitit yo
Lavi
S on vakabon sal-sa
K ap mache simen lespwa toupatou
Nan bòl malerèz
Nan fant janm lamizè
Anba je laboujwazi
Coriollan, monchè
Lavi
S on krezi,
S on kout alsiyis
Douvanjou
S on pwezi
S on gòje jalouzi
S on ti zing plezi
S on men sòl kay lanmò
Ki pa gen pri
Ou pa konn si l premye
Ou pa konn si l dènyè
Ou pa konn…
Lavi s on grenn sal tande
S on bèl chat
Yon gwo chat
Ki bay anvi vwomi
Pafwa
Ki bay bèl aparans
Men ki bay degoutans
Lavi
Se boul je k ap gade chak pa lanmò fè
K ap suiv tras la
San l pa atann
Lavi
Se “wi mesye”
La vi
S on regrè
Lavi
S on “m pa p fè sa ankò”
Lavi
S on rekòmanse…
Lavi
S on sanwont
K ap fè lanmò je dous
Tout kote w pase
Pou Kòryolan Robenson
Elmano Endara JOSEPH
Pòtoprens, lannuit 28-29 dawou 2026
0 commentaire
Les échanges courtois et argumentés font la qualité du débat.
Connectez-vous pour commenter. Un compte garantit que votre nom n'est utilisé que par vous.
Se connecter Créer un compte
Aucun commentaire pour l'instant. Soyez la première personne à réagir.