Li « Leson gramè » Georges Castera: yon analiz sou de nivo sou teks la
« Leson gramè » se yon powèm Georges Castera ekri. Tèks la fè wè ekri nan lang kreyòl se yon travay ki egzije kreyativite ak talan pou powèt la ka rive depase reyalite l ap ekri sou li an. Powèm sa, san paspouki, rive poze aklè objektik ki fè powèt Georges Castera ekri. Li moutre aklè rezon ki alabaz atizay lakay Castera.
Teks « Leson gramè » a se yon egzanp kote powèt la pale ak lot powèt yo sou travay literè yo dwe mennen san jebede. Pa egzanp, « Nou tete lang » daprè sa Castera di la, enonse sa ka gen de sans. Yon sans , kote se pito ekriven yo ki nan jebede , ki voye vant yo, ki nan griyen dan ak pwezi a ak lang lan. Lè sa powèt sa yo pa fè lang lan pale, yo pa fè lang transfigire, transfòme tennfas reyalite y ap pale de li a. Yo pito nan tete lang ak lang lan, nan bliye wòl pwezi. Nan yon lot sans, ( nou tete lang) lan gen yon dimansyon erotik, tankou lè de moun ap bo. Men se pa la objektif travay la.
Castera, nan dezyem estwòf powèm lan, mande tout powèt ki vle ekri nan lang lan pou yo vire do bay pwezi rechiya, ladouskivyen ki mare sosis doub sis ak koze anba ti vant ak pwent tete doubout lan. Menm si yon lot bò, G. Castera jwe ak mo" koupe" a. Nan dezyèm anplwa mo sa li moutre nivo sansyalite li genyen nan sosyete ayisyèn nan. Kidonk pandan powèt la ak konseye lòt pwèt yo li tou moutre sans konote ou an aprè mo a genyen nan lang lan. An verite, pale koze lanmou pa dwe sèvi dra pou moun ki vle powèt kache!
Nan denyè estwòf G. Castera tete lang ak lang lan lè li kreye imaj tou nèf sa yo tankou « Lapli mete m sou sa » oubyen « Lalin fè chive m pouse ». Remake jwet mo ak « lapli » ak « lalin ».
Si vous avez déjà créé un compte, connectez-vous GRATUITEMENT pour lire la suite de cet article.
Pas encore de compte ? Inscrivez-vous
0 commentaire
Les échanges courtois et argumentés font la qualité du débat.
Connectez-vous pour commenter. Un compte garantit que votre nom n'est utilisé que par vous.
Se connecter Créer un compte
Aucun commentaire pour l'instant. Soyez la première personne à réagir.