Gathely D. Chery, oswa metafizik chimen pwentan
Gathely D. Chery, powèt chèlbèdèk la, depase senp ekriti emosyonèl pou l antre nan yon jeyografi pwofon kote pawòl vin tounen matyè vivan. Otè Karès kreyòl la a pa ekri pwezi pou dekri mond lan : li envante li. Bon nanj li lage nan espas imajinè tankou yon limyè ansyen k ap rapouswiv kotèj papiyon lasenjan, papiyon ki pa senp ensèk, men senbòl pasaj, chanjman, ak fragilite prezans imen an.
Sou zèl van an, pwezi a pran direksyon chimen pwentan an, espas inisiyatik kote lang lan ap benyen nan memwa kolektif ak memwa kò a. Chimen sa a se pa yon chemen lineyè ; li se yon sik, yon retou san rete ant tan dantan ak tan kounye a, ant bann machwè ak vwa jodi a. Se la mo yo fè tikodin, pa tankou bri, men tankou batman kè lang lan ki refize mouri.
Lanati, lakay Gathely D. Chery, pa janm dekoratif. Lodè flè jasmen, choublak, kayimit, flanbwayan fen jen, sitwonèl, bazilik ak amwaz pa sèvi sèlman pou flate sans yo ; yo konstwi yon kosmoloji kreyòl kote sant vin tounen lang, kote lanati batize chimen pwentan an kòm yon sakreman. Chak lodè se yon pawòl ki pa di, chak flè se yon fraz ki pa ekri men ki santi.
Si vous avez déjà créé un compte, connectez-vous GRATUITEMENT pour lire la suite de cet article.
Pas encore de compte ? Inscrivez-vous
3 commentaires
Les échanges courtois et argumentés font la qualité du débat.
Connectez-vous pour commenter. Un compte garantit que votre nom n'est utilisé que par vous.
Se connecter Créer un compte
Évelyne Ménard
Se youn nan pi bon jounalis literè nan jenerasyon sa; Godson kenbe la
Gagoue❤️🔥
M renmen sam li a🥰
Morehli Accime
Bèl atik wi, atik lan ret swiv liy powetik lan epi prezante zèv otè an libelibè.