ATCART ak Plidetwal: yon vwayaj teyat ki limen konsyans sosyal
ATCART lanse yon pakou atistik ki pote lavi nan liv Plidetwal ekrivèn Évelyne Trouillot ekri. Travay sa a, ki pran fòm mizansèn, monològ ak aktivite sansibilizasyon, pèmèt gwoup la abòde gwo kesyon sosyete ayisyèn nan pandan y ap mete jèn yo epi bay jarèt ak literati kreyòl ayisyen an jarèt.
ATCART, ki se Atelier de Théâtre et de Création Artistique, pran nesans nan lane 2023. Se Nesmy Jean Charles k ap dirije Atelye Teyat sa. Li se jiris ak yon jesyonè. Youn nan gwo chwa atistik ATCART se travay y ap fè sou liv “Plidetwal” ekrivèn Évelyne Trouillot ekri.
Daprè responsab ATCART Nesmy Jeqn Charles, liv “Plidetwal” la sèvi kòm pwen depa pou plizyè mizansèn ki abòde tematik “Nan ki lang pou m pale avè ou”. Nesmy Jean Charles eksplike li enterese anpil nan tèks sa a paske ekrivèn lan mete aksan sou gwo pwoblèm peyi a: mizè, grangou, ensekirite ak chay lavi anpil fanm ap pote an silans.
Si vous avez déjà créé un compte, connectez-vous GRATUITEMENT pour lire la suite de cet article.
Pas encore de compte ? Inscrivez-vous
0 commentaire
Les échanges courtois et argumentés font la qualité du débat.
Connectez-vous pour commenter. Un compte garantit que votre nom n'est utilisé que par vous.
Se connecter Créer un compte
Aucun commentaire pour l'instant. Soyez la première personne à réagir.