Écrire à la rédaction
Radio Pacific 101.5 fm
Culture

Timoun, tradisyon ,talan, Asosyasyon Kiltirèl Bonjou Lakilti gen 10 lane

Timoun, tradisyon  ,talan, Asosyasyon Kiltirèl Bonjou Lakilti gen 10 lane

Depi yon deseni, Asosyasyon Kiltirèl Bonjou Lakilti (AKBL) ap simen grenn memwa nan jaden timoun, ap rekole tradisyon ki tap fennen, mete koulè sou rasin kiltirèl nou. Soti nan jwèt tradisyonèl rive nan atelye penti, soti nan chante lontan rive nan lodyans granmoun, chak mouvman AKBL pote se tankou yon dans kole ak memwa pèp la. Pou make 10 lane angajman sa yo, nou te jwenn chans pale ak Junior Félix, youn nan vwa ki pote limyè sou chemen asosyasyon an. Nan ti pale li ak nou, li louvri pòt sou vizyon, viktwa ak rèv ki kontinye bat nan kè Asosyasyon Kiltirèl Bonjou Lakilti.

Le National : Ki pi gwo reyalizasyon AKBL nan 10 dènye ane sa yo?

Junior Félix: Avèk AKBL, chak pwogram toujou yon gwo bout tonton reyalizasyon, e tout reyalizasyon sa yo toujou chita sou yon sèl objektif ki se mete an valè epi re-entwodui jwèt tradisyonèl ayisyen nan yo, Nou òganize pwogram “Ann tounen nan dantan n’” ki rive sou 5 yèm edisyon li. Epitou, Soup joumou pou nou tout , ki sou 4 yèm edisyon. Asosyasyon an rive mete sou pye *Eté des Artisans*, ki deja fè 6 edisyon, pou ede timoun devlope konesans atistik ak metye men nou pata ka kalifye youn spesifikman kom pi gwo reyalizasyon paske avèk Asosyasyon an chak aktivite,chak pwogram toujou inik e fè eko nan fason pa yo.

LN: Kijan AKBL rive konsève ak mete an valè kilti lokal la atravè aktivite li yo?

Si vous avez déjà créé un compte, connectez-vous GRATUITEMENT pour lire la suite de cet article.

Connectez-vous

Pas encore de compte ? Inscrivez-vous

0 commentaire

Les échanges courtois et argumentés font la qualité du débat.

Connectez-vous pour commenter. Un compte garantit que votre nom n'est utilisé que par vous.

Se connecter Créer un compte

Aucun commentaire pour l'instant. Soyez la première personne à réagir.

À lire également

Toute la rubrique Culture

Alertes du National

Recevez une notification sur votre téléphone ou votre ordinateur dès qu'un article paraît dans les rubriques de votre choix. Gratuit, avec votre compte lecteur.

Rubriques à suivre