Senk kesyon pou Frérot Pierre, Gran pri woman Emile Célestin Mégie nan Akademi Kreyòl Ayisyen
Fréro Pierre fèt Marigo, komin nan sidès peyi Ayiti. Li se desinatè, atispent, gitaris, powèt, ekriven, senaris ak reyalizatè fim. An 2023, li soti loreya Gran Pri woman Emile Celestin Megie nan Akademi Kreyòl Ayisyen avèk maniskri « Lakou delivrans ». Le National pote pou ou yon echanj fètefouni ak Fréro k ap viv nan peyi Senegal depi kèwk lane.
Le National - LN: Ou dekwoche premye edisyon "Gran pri woman Emile Célestin Mégie" pou maniskri "Lakou Delivrans". Pale nou de premye reyaksyon w, santiman w lè nouvèl la rive jwenn ou.
Fréro Pierre - FP: Se nan ayewopò Abidjan mwen te ye, lè m resevwa imèl Akademi Kreyòl Ayisyen voye ban mwen pou anonse mwen nouvèl la. Mwen pa t ka lese sòti tout emosyon ki t ap bouyi anndan m. Se te jwa ak fyète. Mwen te achte yon byè pou m fete sa. Fyète a se sitou paske mwen se premye gayan Pri sa a ki pote non Emile Célestin Mégie, ki li menm se moun Marigo menm jan avèk mwen. Mwen panse ak Emile kontan kote li ye a. Mwen te pibliye yon rekèy powèm kreyòl ak fransè : EPITAPHE POUR CEUX QUI N’EN ONT PAS EU, mwen te fè yon dedikas pou Emile ladan l. Yon epitaf ki pati konsa :
« Pou Emile Célestin Mégie
Si vous avez déjà créé un compte, connectez-vous GRATUITEMENT pour lire la suite de cet article.
Pas encore de compte ? Inscrivez-vous
0 commentaire
Les échanges courtois et argumentés font la qualité du débat.
Connectez-vous pour commenter. Un compte garantit que votre nom n'est utilisé que par vous.
Se connecter Créer un compte
Aucun commentaire pour l'instant. Soyez la première personne à réagir.