«Drapo m nan» : Yon chante pou repanse lavi an Ayiti
Mizik la byen rantre nan san nou. Li fè lavi nou koule bèl lè n ap tande l. Se transpòtasyon yon emosyon grandyoz, yon seri pawòl tounèf, ki chaje vi, ki plen lavi. Alòs, se te nan lane 2017 plizyè chantè te rasanble sou direksyon atis Bélo pou yo te pote chedèv sa a , ki fè yon rapèl sou plas drapo Ayisyen an genyen nan tout listwa limanite. Se tout nanm nou ki vibre lè nou tande chak vwa, chak atis nan yon refren k ap fè nou viv tout rèv yon peyi , tout yon senbòl , yon idantite , yon mak fabrik dantèl ki kole lavi nou pyès pa pyès tankou yon katedral limyè. Chante sila a malgre dousè ki nan vwa atis yo charye tout mak vyolans ak doulè nou trennen pandan anpil lane nan listwa nou. Pawòl ki nan chante sa a raple nou koneksyon nou genyen ak drapo ble e wouj la ki se yon fòs , yon enèji, yon rasin ki tache idantite sa a byen fon anba po chak grenn ayisyen k ap viv:
<< Drapo m se tankou cheve mwen
Mèt ba l koulè mwen vle vrè koulè l p ap chanje
Si vous avez déjà créé un compte, connectez-vous GRATUITEMENT pour lire la suite de cet article.
Pas encore de compte ? Inscrivez-vous
0 commentaire
Les échanges courtois et argumentés font la qualité du débat.
Connectez-vous pour commenter. Un compte garantit que votre nom n'est utilisé que par vous.
Se connecter Créer un compte
Aucun commentaire pour l'instant. Soyez la première personne à réagir.