Letènite pou Frankétienne
Écouter l'article
Frankétienne pa janm mouri. Li travèse nou tankou yon chalè ki pa janm sispann boule anba po listwa. Li viv nan chak mo ki refize mouri, chak silans ki kontinye pale. Pou salye memwa li, Feguerson Fegg Thermidor mete sou papye yon powèm ki se kri yon pèp, soupi yon jenerasyon, ak limyè ki refize fèmen nan mitan fènwa. Yon omaj pou gran nonm lan: mo pou mo, doulè pou doulè.
Letènite pou Frankétienne
Franck si jou yo bosi isit se paske nan rakonte istwa nou f on gwo tou nan men nou
Se pa fòt nou si souf nou kout
Se pa fòt nou Franck si chak ri nou pase
Lanmò niche pye nou
Se pa fòt ou si "Mûr à crever" pa donnen lespwa isit, si nou pa ka gade "Dezafi" nan je
Frankétienne chak fwa nou krache se lanmò nou krache
Simityè bay vwa nou pinnga men kwa manman n, men kwa papa n si nou towo vin pile palè nasyonal
Franck di letènite pou nou lari a blanch
Vant nou blanch
Nou plante " Pèlen tèt" n ap rekòlte bal, n ap peche lanmò
Di letènite pou nou
Isit nou menm ak lanmò se 2 chanm fènwa k ap fè lavi grimas
Feguerson Fegg Thermidor
ecrivainfeguersonthermidor@gmail.com
0 commentaire
Les échanges courtois et argumentés font la qualité du débat.
Connectez-vous pour commenter. Un compte garantit que votre nom n'est utilisé que par vous.
Se connecter Créer un compte
Aucun commentaire pour l'instant. Soyez la première personne à réagir.