Écrire à la rédaction
Radio Pacific 101.5 fm
Culture

Echanj ant Roody Edmé ak Rodolphe Mathurin

Echanj ant Roody Edmé ak Rodolphe Mathurin

Rodolphe Mathurin, ekriven ansenyan epi gran defansè lang kreyòl, te  boukante lide ak pwofèsè epi  editoryalis nan jounal Le National, Roody Edmé, sou evolisyon lang kreyòl la nan literati nan peyi d Ayiti. Antretyen:

Roody Edmé (RE): Ki dapre ou pi gran moman nan koze ekri an kreyól depi 86. Ki liv pwezi ou woman ou panse ki se yon tounan?

Rodolphe Mathurin (RM): Moman ki pi make yon tan desizif nan koze ekri an kreyòl apre 86, tonbe daplon ak moman eklatman lit revandikatif nan peryòd [rache manyòk la]. Sa vle di tranch ane 87-90, peryòd lit kont diktati militè yo. Se peryòd sa a, alaverite, anpil jèn pral kwaze ak pwezi yon seri moun ki pi gran pase yo tankou Georges Castera pa egzanp, epi yo pral devlope konfyans nan tèt yo ak nan posibilite pou yo menm tou yo ekri. Moman sa a rich anpil nan eklatman inisyativ kilitirèl. Se yon lòt prèv ki montre kijan dinamik kiltirèl la li mache ak lit pèp yo ap Mennen. E pou mwen sa konfime yo bagay : Literati devlope plis vre nan batay pou lavi; nan konba pou Rezistans.

Liv ki peze vre e ki ta ka make yon tounan, enbe yo anpil. Alò kòm gen anpil, m te konnen depi anvan, li ka difisil pou m tranche. Kanmenm, nan  koze woman, nou ka di Bèbè Bèlgota de Pierre Michel Chery se youn nan premye liv ki make yon tounan, apre 86. Epi gen Kraze Vè ( pwezi), yon liv pwezi Rodolphe Mathurin ekri,  ki se yon moso espesyal : se premye fwa nan literati ayisyen an nou pral gen yon liv ki ekri nan totalite l sou tematik gwòg (tafya). Tèm alkòl la nan chak paj liv la. Pantko gen sa a ki fèt nan literati ayiseyen an ni ak kreyòl ni an fransè. Te gen kèk ekstrè de Carl Brouard ; te gen Zenglen de Roudolph Muller. Men pa te ko gen  Kraze Vè. Ou te ka menm panse konpare rekèy Kaze Vè a ak alcools de Guillaume Apollinaire. Men li gen idantite pa l.

Si vous avez déjà créé un compte, connectez-vous GRATUITEMENT pour lire la suite de cet article.

Connectez-vous

Pas encore de compte ? Inscrivez-vous

Suivez-nous sur WhatsApp

1 commentaire

Les échanges courtois et argumentés font la qualité du débat.

Connectez-vous pour commenter. Un compte garantit que votre nom n'est utilisé que par vous.

Se connecter Créer un compte

Jean Lhérisson

Se byen! Espas pawòl,se pa bri bal ki pou fè n sispann fè n envante sa.bravo Roody. Bravo Sonson! Avanti, pou devan!

À lire également

Toute la rubrique Culture

Alertes du National

Recevez une notification sur votre téléphone ou votre ordinateur dès qu'un article paraît dans les rubriques de votre choix. Gratuit, avec votre compte lecteur.

Rubriques à suivre