Écrire à la rédaction
Radio Pacific 101.5 fm
Culture

Nan mitan pwomosyon lang kreyòl ak pasyon pou tradiksyon, men Lyonel Desmarattes

Nan mitan pwomosyon lang kreyòl ak pasyon pou tradiksyon, men Lyonel Desmarattes

Apre plis pase trant (30) lane l ap fòme epi enfòme yon oditwa kreyolofòn lajman laj atravè mikwo Lavwadlamerik (Voix de l’Amérique), pa gen dout Lyonel Desmarattes reprezante yonn nan vwa mitik k ap rete make pou lontan istwa lang kreyòl nan medya nan tout mond lan,  men sitou Etazini. Bò kote karyè li mennen kòm jounalis, nou jwenn yon Lyonel Desmarattes ki konsakre tan li, konpetans li ak enèji li pou kore devlòpman lang kreyòl. Nan sans sa, keseswa se sou chapo li antanke ekriven, dizè oubyen tradiktè, ko – envite donè 6èm edisyon Festival Entènasyonal Literati Kreyòl la montre yon pasyon san limit pou lang natifnatal nou an kontinye taye banda, bay payèt nan tout domèn lakonesans.

Envite alonè nan plizyè evènman enpòtan tankou « Journée du Livre et des Médias haitiens de New York », Festival Entènasyonal Literati Kreyòl, Lyonel Desmarattes antre nan Akademi Kreyòl Ayisyen an 2022 sou pwopozisyon Komite Entènasyonal pou Pwomosyon Kreyòl ak Alfabetizasyon (KEPKAA) ki te soumèt dosye kandida li. Sou tras tonton li, Félix Morisseau Leroy, Lyonel  tradui / adapte divès chedèv ki make literati mondyal la.  Pami travay sa yo, nou jwenn : Panse ak Refleksyon filozofik (The Prophet, yon liv filozòf libano – ameriken, Khalil Gibran), Mouche Defas (Tartuffe, yon pyès teyat Molière), Fanm filozòf (Les Femmes savantes, Molière), Zanmi Pèsonn (Le Misanthrope, Molière). Dènye kout filè a, se Les Trois Mousquetaires, Alexandre Dumas Père li adapte an kreyòl sou tit Chevalye d’Artagnan / Yon katriyèm Mousketè » ki soti an 2024 la nan Edisyon Koukouy. Li klè, demach ko – fondatè KOMALAK la (Komite pou Avansman Lang Kreyòl la) ale pi lwen pase yon senp volonte pou li anrichi patrimwàn literè lang lan. Pou n pi byen konprann, an nou li pawòl sa yo lenguis ameriken Albert Valman, ki se egalman ansyen pwofesè nan Inivèsite Indiana, ekri sou katriyèm kouvèti woman Woben Lakwa : « Mennen koulèv lekòl se youn ; fè l chita se 2 » - Si nou aplike pwovèb sa a nan kesyon alfabetizasyon an (kesyon aprann li, aprann ekri) an Ayiti, nou ta kapab di aprann moun ekri se yon bagay ki nesesè ; men sa k pi enpòtan toujou, se mete alapòte yo tèks ak liv ki enteresan pou yo li. Se la nou jwenn kokennchenn kontribisyon Lyonel Desmarattes ki adapte nan lang kreyòl ayisyen an e  nan kilti peyi d Ayiti a gwo zèv klasik yo, tankou gran pyès teyat franse yo, epi nan liv sa a li pèmèt Ayisyen yo ak lòt kreyolofòn yo jwenn nan lang manman yo premye kontak ant Ewopeyen yo ak Karayibeyen yo».

Nou envite w plonje nan lòsyè woman Woben Lakwa: «Mwen te pase tout nuit lan san dòmi. Plis mwen te rete lwen bagay ki t ap ban m kè sote a, se plis laperèz mwen te ogmante, alòske nòmalman se lekontrè ki ta dwe rive. Lide sa yo te tèlman twouble m, tout sa ki t ap pase nan tèt mwen se te panse tris oubyen efreyan, malgre m te byen lwen pozisyon kote laperèz mwen an te ye a. Ki kreyati ki te kite atè a mak mwen te fèk dekouvri yo ? San di tèt, se pat lòt moun pase sovaj kontinan an ki te vin sou il la  nan batoyo. Siman se move van oubyen kouran ki te pouse yo sou zile a e yo pa t rete sou rivaj dezè sa a, menm jan mwen pa t gen anvi wè yo rete la non plis». 

Si vous avez déjà créé un compte, connectez-vous GRATUITEMENT pour lire la suite de cet article.

Connectez-vous

Pas encore de compte ? Inscrivez-vous

0 commentaire

Les échanges courtois et argumentés font la qualité du débat.

Connectez-vous pour commenter. Un compte garantit que votre nom n'est utilisé que par vous.

Se connecter Créer un compte

Aucun commentaire pour l'instant. Soyez la première personne à réagir.

À lire également

Toute la rubrique Culture

Alertes du National

Recevez une notification sur votre téléphone ou votre ordinateur dès qu'un article paraît dans les rubriques de votre choix. Gratuit, avec votre compte lecteur.

Rubriques à suivre