Byennèt pou tout moun : Yon fil kondiktè pou sis lodyans
Malaba pitit kay se youn nan ekriven peyi dayiti ki fè yon chwa difisil nan zafè atizay literè. Ekriven an pwodwi nan yon jan literè ki pa twò popilè, e li rive ponn plizyè zèv enpòtan.Tankou: Tras renmen nan kad fasad, Lapiryè nan bouji nwa. Pou n site sa yo sèlman. Lodyans se yon jan literè ki la lontan, ki vyeyi pase anpil lòt jan. Li pran nesans ofisyèl li sou bout tè papa Desalin nan. Lodyans te deja jwenn bourad pou l vanse, nan men kèk otè Ayisyen, tankou: Justin Lerisson , Maurice Sixto. Jean Claude Martineau (Koralen), Georges Anglade...Si pi fò ekriven Ayisyen pa pwodwi lodyans, Malaba chwazi fè li tounen chwal batay li, pou l pase mesay, epi pwezire ak fasilite. Pwezi nan tèks lodyans li yo mennen listwa a kòmsadwa. San difikilte.Tout moun konprann listwa yo klè kou dlo kòk. Ou pata di gen yon konplisite ant powèt-lodyansè a, e plim li itilize pou l ekri yo a. Ou pa ta di otè a met bouch li nan zòrèy plim lan pou l di l tout sa pou l ekri. Li pale fò. Plim lan tande tout revandikayon, tout dout, tout pwojè, tout krent, tout emosyon otè a. San poze kesyon, plim lan pase lank li lòd pou l depoze sou papye mesay san baboukèt otè a te vle fè pase. Malaba pitit kay konnen byen bouch a zòrèy se sèl fòs lodyans lan. Se sak fè li menm ak plim li jwenn yon antant. Se kòkòt ak figawo. Si plim nan men lòt ekriven konn trayi yo. Plim nan men malaba pa fè dilere. Okontrè li vle byennèt malaba pitit kay. Menm jan malaba vle byennèt pou tout moun. Nan yon tèks epik, wololoy; lodyansè a fè plizyè pwopozisyon nan mete plizyè peyizay kanpe ki mare lonbkrik yo ak kilti, fòlklò, mitoloji peyi dayiti. Otè a ofri sis lodyans nan liv lan: 1-Byennèt pou tout moun. 2-Zetrenn. 3- Eleksyon dan rachòt. 4-Latwoublay. 5- Bèkèlèw fanm dous. 6- Peze souse. Se sis lodyans, yon sèl fil kondiktè.
Se pa tout listwa yo rakonte ki se lodyans. Si listwa pa gen yon dimansyon naratif wodpòte. Si listwa a pa pran men lektè kap li a, oswa moun kap koute l la pou l mache ak li, fèl vizite tout detou otè a fè nan tèks la. Li pa lodyans. Si listwa pa baw enpresyon l se yon roman konprese. Kòmkidirè yon listwa yo blende pou yo pran ji a. Pou yo pran kote ki pi dous, pi enpòtan ladann l lan; li pa lodyans. Malaba pitit kay ekri sis lodyans ak yon sèl fil kondiktè. Li ekri yo nan lojik pou yo pot byennèt pou tout moun. Nan byennèt pou tout moun, ekriven an pete yon sèl eskonbrit. Yon revolisyon li sanse fè pou kòl, nan mache di aba pasi pala. Lespri boukman monte l, li rele libète! Libète!
Malerezman yon fèzè, fouyapòt , jouda lakou pote matant li plent pou li. Ou pa ta di se lè kominote entènasyonal la vle pale Ayiti mal nan nanchonzini, pou l fè l bliye wòl li te jwe nan libète pou tout moun ak diyite tout nwa alawonnbadè. Revandikayon an lejitim. Otè a ekri sou revolisyon an nan byennèt pou tout moun. Aprè li selebre viktwa revolisyon an nan etrenn ki se non dezyèm lodyans nan liv lan.
Si vous avez déjà créé un compte, connectez-vous GRATUITEMENT pour lire la suite de cet article.
Pas encore de compte ? Inscrivez-vous
0 commentaire
Les échanges courtois et argumentés font la qualité du débat.
Connectez-vous pour commenter. Un compte garantit que votre nom n'est utilisé que par vous.
Se connecter Créer un compte
Aucun commentaire pour l'instant. Soyez la première personne à réagir.