Malaba Pitit Plim : Yon Vwa Pwisan nan Literati Kreyòl Ayisyen
Malaba Pitit Plim, yon non ki lye ak yon jèn powèt, lodyansè, kontè, ak operatè kiltirèl, se youn nan figi ki pi enpòtan nan peyi a nan domèn literati ak atizay. Li fèt 14 fevriye 1996 nan komin Ti Rivyè, nan depatman Latibonit, yon zòn ki rich nan istwa, kilti, ak tradisyon. Malaba, depi li te timoun, te fè premye pa li nan mond lan nan literati ak nan ekspresyon kiltirèl kòm yon pisans kreyatif, epi li kontinye ap inove epi mete an valè kiltivasyon lang ak istwa Ayiti.
Yon ekstrè nan lapriyè nan bouji nwa:
Mwen pa dwe bliye di nou sa ; Klerimèn se te premye mennaj Janbafre ki tou vin madan marye l. Men sa nou dwe konnen se te yon maryaj fòse, maryaj byennèt, paran Janbafre pa t menm vle sa fèt. Manman Klerimèn limenm te kanpe an kwa, poutèt Janbafre te chire filè Klerimèn ak yon move pwent, yon pwent sovaj, yon pwent devègonde, yon pwent plenn nan kè, yon pwent san pitye. Sa ki charye lapenn kay mesyedàm yo, pyès nan yo pa t ko majè. Youn gen 16 lane, lòt la gen 17 lane, 2 ti wole, ti zokiki k ap benyen nan foli. Timoun ki ta dwe sou ban lekòl toujou. Yo madam, yo mesye. Lavi k ap dikte yo. Sa k plis nèvè m nan istwa sa m ap rakonte nou an. Se paske pi fò zotobre a babin ki reprezante leta nan peyi a te okouran de sa, yo youn pa di yon mo pou anpeche sa fèt. Se pa manti m ap fè non. Sa te fè gwo tole sou lèzond ak sou rezo sosyal yo.
Malaba pa sèlman yon powèt, li se yon pwomotè kiltirèl, yon vwa ki pote konsyans sou idantite ayisyen nan tout ekspresyon atistik li yo. Pandan plizyè ane, li te viv nan Pòtoprens, kote li te gen aksè a yon anpil plis resous kiltirèl ak atistik ki te pèmèt li devlope kòm yon pwofesyonèl. Men, li toujou rete konekte ak rasin li nan Latibonit, kote li patisipe nan plizyè inisyativ lokal, tankou Festival Teyat Latibonit, yon evènman li te ede fonde.
Si vous avez déjà créé un compte, connectez-vous GRATUITEMENT pour lire la suite de cet article.
Pas encore de compte ? Inscrivez-vous
4 commentaires
Les échanges courtois et argumentés font la qualité du débat.
Connectez-vous pour commenter. Un compte garantit que votre nom n'est utilisé que par vous.
Se connecter Créer un compte
Jacques Malvoisin
Viv literati ⚡
Joseph
Gran towo
Patrice
Bon Bagay
Mr B-JAY Diamond
Malaba petite rivière Latibonite est fière de toi, continue à donner des coups pour briller davantage