Écrire à la rédaction
Radio Pacific 101.5 fm
Culture

Wasly Noris : Yon kout plim sou « Laviwonn Amourèz kay Varella, liv pwezi plen AK bèl mo

Wasly Noris : Yon kout plim sou « Laviwonn Amourèz kay Varella, liv pwezi plen AK bèl mo

Wasly Noris fèt nan vil okay 8 mas 2000, li fè etid klasik li nan pratique du nord e inivèsite nan université l’état de Henry Christophe nan limonad, li se 3 meyè nan konkou pwezi Jean Eli François. se youn nan ekriven k ap fè chemen li nan literati ayisyen an ak yon konpreyansyon pwofon sou lavi ak relasyon moun yo. Nan dènye rekèy li an ki rele »Laviwonn Amourèz ki soti nan Varella edisyon », li pote yon gade entim sou relasyon amoure ak kondisyon emosyonèl moun ap viv atravè yon seri narasyon rich ak senpatik.

Liv sa a, ki deja disponib sou divès platfòm ebook, fè pati yon kouran nan ekri k ap chèche eksplore entèlijans emosyonèl, lanmou, ak konfli enteryè ki souvan prezan nan lavi moun. Istwa yo chaje ak senbòl ak tematik ki varye ant mistè ak romans, kote liv sila reprezante plis pase yon mòn : li se yon espas kote pasyon ak doulè twouve yon langaj. Ekriven an itilize yon stil ki rich nan imaj ak metafò, ki fòse lektè a plonje pwofon nan imaj yo. Liv sa a se yon atis ki ap travay ak mo, tankou yon pent ap travay ak koulè, pou kreye yon tapisi emosyonèl ki rive sou tèt yon reyalite ki sanble reyèl men ki pwodui yon efè onirism.  »Laviwonn Amourèz  » se yon rekey ki dekri lavi emosyonèl ak konplike karaktè yo, e li t ap bon pou nenpòt moun ki enterese nan romans, sosyete, ak sikoloji moun.

Pandan lektè yo ap dekouvri lavi emosyonèl liv sila, yo rankontre sitiyasyon yo ka reflete nan pwòp lavi yo. Pwezi sa yo touche sou doulè, lanmou, ak espwa—twa eleman esansyèl nan ekzistans imen an.

Se yon travay ki rich epi ki merite yon espas espesyal nan kès literati ayisyen an.

Si vous avez déjà créé un compte, connectez-vous GRATUITEMENT pour lire la suite de cet article.

Connectez-vous

Pas encore de compte ? Inscrivez-vous

0 commentaire

Les échanges courtois et argumentés font la qualité du débat.

Connectez-vous pour commenter. Un compte garantit que votre nom n'est utilisé que par vous.

Se connecter Créer un compte

Aucun commentaire pour l'instant. Soyez la première personne à réagir.

À lire également

Toute la rubrique Culture

Alertes du National

Recevez une notification sur votre téléphone ou votre ordinateur dès qu'un article paraît dans les rubriques de votre choix. Gratuit, avec votre compte lecteur.

Rubriques à suivre