Festival entènasyonal literati kreyòl
Écouter l'article
6èm edisyon Festival Entènasyonal Literati Kreyòl la, ki ap dewoule nan peyi Ayiti soti 3 pou rive 8 desanm 2024. Festival sa pral jwe yon wòl enpòtan nan pwomosyon ak difizyon aktivite literè yo. Nou pran opòtinite sa a pou remèsye anpil medya ayisyen tankou Le Nouvelliste, RTVC, ak Radio Télé Métropole, ki depi plizyè ane déjà, ap kontribye avèk yon bèl kout men pou fè evènman sa a briye nan tout peyi a.
Se Yon festival intènasyonal ki pote anpil kè kontan, depwi Yon tan nan flan kilti nou, kote kè kontan blayi sou powèt yo, se Yon inityativ powèt Anivince Jean Baptiste mete sou pye AK lot patenè pou boste pwezi nou.
Festival Entènasyonal Literati Kreyòl se premye evènman literè nan Karayib la ak nan Oseyan Endyen an ki chita totalman sou pwomosyon lang ak literati kreyòl. Evènman sa a, ki fèt chak ane anba inisyativ peyi Ayiti, reprezante yon espas enpòtan kote plizyè ekriven, syantifik, ak kreyatè kiltirèl kreyolofòn reyini pou selebre richès ak divèsite lang kreyòl la. Ayiti, kòm pi gwo kominote kreyolofòn nan mond lan, sèvi kòm yon modèl nan pwomosyon lang ak kilti sa a nan yon kad entènasyonal.
Ane sa a, Festival la ap dewoule sou tèm »Pou yon kreyolofoni syantifik ak yon kreyolofoni literè fètefouni * yon tèm ki mete aksan sou enpòtans lang kreyòl nan domèn syantifik ak literè. Se avèk anpil respè festival la pral onore twa (3) pèsonalite enpòtan ki kontribye nan pwomosyon ak devlopman lang kreyòl la :
Doktè Serge Madhère yon syantifik ak ekriven ayisyen ki te pote anpil limyè sou relasyon ant syans ak kreyòl.
Michel Ducasse yon ekriven, jounalis, ak tradiktè literè morisyen, ki devwe lavi l nan mete kilti kreyòl la an valè atravè literati.
Lyonel Desmarattes yon jounalis, ekriven, ak tradiktè literè ayisyen, ki travay san pran souf pou fè literati kreyòl la pwogrese nan nivo entènasyonal.
Festival Entènasyonal Literati Kreyòl la kontinye sèvi kòm yon platfòm esansyèl pou tout kreyolofòn ki ap travay pou ogmante valè lang kreyòl la, kit nan domèn literè, syantifik, oswa kiltirèl. Radio Télé Métronome pral jwe yon wòl kle nan asire ke mesaj ak pwogram evènman sa a rive jwenn plis moun, AK patenarya Powèm National ki an Ayiti AK nan dyaspora kreyolofòn nan.
© Kominikasyon Festival Entènasyonal Literati Kreyòl & Godson MOULITE
0 commentaire
Les échanges courtois et argumentés font la qualité du débat.
Connectez-vous pour commenter. Un compte garantit que votre nom n'est utilisé que par vous.
Se connecter Créer un compte
Aucun commentaire pour l'instant. Soyez la première personne à réagir.