Écrire à la rédaction
Radio Pacific 101.5 fm
Culture

Literati ak atizay nan pwomosyon patrimwàn nasyonal ayisyen an

Literati ak atizay nan pwomosyon patrimwàn nasyonal ayisyen an

Mèkredi 5 jen 2024 la, Association FEL Caraïbes rankontre yon latriye elèv nan « Lycée du Cent – cinquantenaire» pou yon echanj sou tèm: «La littérature et les arts peuvent contribuer à la valorisation du patrimoine national haitien». Entèvenan an, Frantzley Valbrun, mete aksan sou wòl diferan disiplin atistik ak literè kapab jwe nan pwomosyon patrimwàn peyi a. Enpòtan pou nou raple aktivite sa a fèt nan kad pwojè PBF / Infrastructure de paix, ak enplikasyon mwayen Ministè lakilti, PNUD, « Haut-Commissariat des Nations – Unies aux droits de l’homme epi Tamise pou sa ki gen pou wè ak kòdinasyon pwojè a.

Nan entèvansyon li a, Valbrun soulinye nesesite pou atis yo, ekriven yo, powèt yo, atizan yo, atispent yo ak tout lòt pwofesyonèl nan kesyon an pou yo sonje parimwàn natirèl ak kiltirèl peyi a nan aktivite yo. Powèt Frantzley Valbrun regrèt bèl patrimwàn istorik peyi a pa prezan ase nan mizik, literati ak lòt domèn pwodiksyon atistik : « Se vrèman regretab nou bay lenpresyon nou poko ka konprann lakilti se kè ak poumon peyi sa a k ap goumen pou l kenbe idantite l ak diyite l. Elèv ak etidyan peyi a gen obligasyon pou yo envesti tèt yo pi plis toujou pou mounite ayisyen an rete debou kèlkeswa fason an. Depi nan 20èm syèk la, Jean Price Mars te gentan rete atansyon nou sou sa.Nou pa ka nou menm san kilti nou, nou pa ka nou menm san patrimwàn nou, nou pa ka nou menm san nou pa valorize eritaj zansèt nou yo ».

Malgre reyalite sosyopolitik peyi a,  Frantzley Valbrun kwè se lajenès ki dwe aji pou konstui lavni : «  Jodi a, nou se elèv lekòl. Demen, nou gen pou n al etidye nan yon yon inivèsite nan peyi a oubyen aletranje. Nan kèlkeswa domèn nou genyen pou nou avantire nou, konsyans patriyotik nou dwe toujou fè n sonje nou gen yon peyi k ap peri. Konsyans nou kòm Ayisyen dwe raplen nou gen yon obligasyon anvè tè sa a ki p ap janm kite nou. Nou chak ki la a gen yon responsabilite anvè tè sa a, anvè paran nou yo, anvè zansèt nou yo : « Pwoteje patrimwàn nasyonal nou an, fè pwomosyon li nan kèlkeswa sa n ap fè oubyen sa  n genyen kòm aktivite a. Nou la tou pou nou egzije atis yo pwodui pi bon kontni ki pou sansibilize sosyete a sou jan yo dwe renmen epi fè pwomosyon richès patrimonyàl ayisyen an ». 

Si vous avez déjà créé un compte, connectez-vous GRATUITEMENT pour lire la suite de cet article.

Connectez-vous

Pas encore de compte ? Inscrivez-vous

0 commentaire

Les échanges courtois et argumentés font la qualité du débat.

Connectez-vous pour commenter. Un compte garantit que votre nom n'est utilisé que par vous.

Se connecter Créer un compte

Aucun commentaire pour l'instant. Soyez la première personne à réagir.

À lire également

Toute la rubrique Culture

Alertes du National

Recevez une notification sur votre téléphone ou votre ordinateur dès qu'un article paraît dans les rubriques de votre choix. Gratuit, avec votre compte lecteur.

Rubriques à suivre