Pwezi Libète : gwoupman atizay k ap selebre lang nou an ak tout longè sou X
Écouter l'article
Pwezi Libète te pran nesans 22 Avril 2023 nan yon espas sou rezo sosyal Twitè ki vin X jodi a, kote yon gwoup jèn gason ak fanm tout laj, te chwazi mete tèt yo ansanm pou te bay atizay sou tout fòm jarèt, nan sousi pou pote pwòp kontribisyon yo nan chanjman peyi d Ayiti, sitou 22 Avril se dat ki rezève pou fete jounen entènasyonal latè.
Mouvman sa jiskaprezan se gwoup jèn ayisyen sa yo k ap dirije li e ki trè byento konte mete pi bon estrikti nan mouvman sila. Y ap viv nan peyi diferan, yo gen konpetans diferan tou, men sa k pi enpòtan sèke yo gen menm kè, menm nanm ak menm espri, nan fè pwomosyon pou kilti ayisyen an atravè atizay sou tout fòm. Tankou :
-Marc Arthur Zulmé (Tinèg)
-Aland Cadet
-Wilkens Scott Fifi
-Donley Ménard
-Ernst Manolo Vernet (Manlee)
-Francesca Vikqtoria Ernest (Vikqie)
-Juvencia Pommier (Juju)
-Stacy Victoria Pommier (Prizon dore)
-Lorvens Suprême
-Wilson Lainé
-Love-Lee Franklin (Diva-Lee)
-Malherbe Joseph (Relem Moun)
Pwezi Libète se yon mouvman ki te kreye pou mete an valè tout sa ki gen rapò avèk atizay, sitou atizay nan peyi d Ayiti. Se yon espas ki la pou pèmèt moun fè konesans avèk zèv otè atravè oraliti ak literati, kit y ap viv nan peyi d Ayiti oubyen nan peyi etranje, kit yo se ayisyen oubyen etranje. Men jiskaprezan se sou zèv an kreyòl ak otè ayisyen yo plis konsantre yo. Sitou otè ki pa gen twòp vizibilite yo malgre gwo efò y ap fè. Pwezi Libète se tout sa ki gen rapò avèk lèkti ak ekriti ki gen bèl/bon atizay k ap fè chika epi bwase senti anba ti vant lakilti. Pwezi Libète òganize yon espas chak samdi nan aswè, kote yo souvan gen youn oubyen de envite espesyal avèk yo, sou yon sijè ki gen rapò avèk atizay, epi ofri kèk moun kèk minit pou deklame tèks pèsonèl yo oubyen tèks yon lòt otè ki vivan oubyen ki mouri deja. Pwezi Libète kòmanse blayi kò li sou kèk lòt rezo sosyal tankou, Facebook, Instagram, TikTok, pou nou site sa yo sèlman. Dènye espas yo te gen chans òganize te fèt avèk onorab pwofesè Nesmy MANIGAT, minis edikasyon nasyonal ak fòmasyon pwofesyonèl, sou "Valè lang kreyòl ayisyen an ak literati nan sistèm edikatif ayisyen an", jou ki te 2 Mas la. Jiskaprezan pwezi libète ap kontinye fè chemen li jiskaske l rive nan somè.
Pwezi Libète se yon mouvman, yon filozofi, yon rèv zye klè, yon eta nanm pou tout moun ki renmen lè pwent plim ap karese fèy papye pou akouche tèks ki gen rim an pwoz oubyen an vè. Pwezi Libète se kòd lonbrit lakilti ki makònen tout sa ki kreyòl.
Godson MOULITE ak Malherbe JOSEPH ( pou Pwezi Libète )
14 commentaires
Les échanges courtois et argumentés font la qualité du débat.
Connectez-vous pour commenter. Un compte garantit que votre nom n'est utilisé que par vous.
Se connecter Créer un compte
Ekritizè
Pwezi libète.. Mwen kontan inisyativ la Vanse !
Fanmgonayiv
C’est un très bon article, je l’aime. Merci à toi relemmmoun !
Marshall
Bèl atik,mwen panse ke gwoup jèn sa yo ap fè yon bèl travay nan kominoté ayisyèn nan, pou reveye tout talan jèn ki konn ekri e ankouraje yo, paske nou preske pèdi tout jèn talantye nou yo pwiske yo pa jwenn sipò ak akadreman ak moun ki pou tande yo lè ekri, pwezi libète ap fè yon bèl travay: kenbe la pa moli.
Love-Lee FRANCKLIN
Pwezi Libète, se atizay sou tout fòm. Nou fè yon sèl nan solidarite, lè nou makonnen anyen pap pi pwisan ke nou. 🫱🏽🫲🏾💪🏾✊🏾
Marc Arthur Zulmé
Travay la ap kontinye. Yon gwo mèsi ak tout estaf “Le National la”.
Kethichat Ménard Joseph
Bravo mesyedam pwezi libète yo.
Donley Menard
Bon bagay n ap pike pou pi douvan
Davidson Dorée
Pwezi Libète ap fè yon travay enòm anplis Godson Moulite ak Wilkens Scott Fifi fè yon duo majik : félicitation ti mesye
Tanis Sherly
Mèsi anpil Pwezi Libète pou jan ou akeyi m ak tout zèv mwen. Mwen santi m nan yon fanmiy
Seline Leconte
Pwezi Libète ap mennen Literati (Pwezi) Ayisyen lwen. Kenbe flanbo nou wo mesye dam, n ap travay pou demen.💪 Pou yon 🇭🇹Ayiti demen
Malherbe JOSEPH
Mèsi anpil "Le National" ki atravè Wilkens Scott Fifi ak Godson Moulite, te ofri Pwezi Libète chans sa pou plis moun fè konsesans avèk li, pou konn ki kote l soti, ki sa li ye, misyon l, ki kote l prale, elatriye. Pèsonèlman lè m wè atik la, m fremi tèlman m kontan e fyè, m santi m ta rele anmwey yyyyyyyyyy men se domaj ekriti pa fè bri, men li etènèl. Chapo ba pou "Le National" k ap fè yon travay ki ekstrawòdinè plis pase mo a. M fou men m p ap voye wòch e si m t ap voye wòch, se tèt leta ayisyen m t ap kase plizyè kote. Chapo ba pou nou. Ayiti louvri zòrèy ou pou w tande, ou ka konte sou pwezi Libète, paske Pwezi Libète yon jou, Pwezi Libète toujou. Relem Moun ✍️ 🇭🇹 !
Zikòs_PL
Pwezi Libète wi yo di w Espas PWEZI ak LITERATI sou TOUT FÒM Pwezi, travay la anpil wi men ke volonte nou plis ke sa
Philippeson Juste
Pwezi libète se tout sa pwezi a bezwen pou l pran manb/ jarèt nan literati lakay. Randevou a kase chak samdi sou platfòm X la. Ewa ewa !
Wilkens Scott Fifi
Pwezi Libète Literati Kreyòl sou yon lòt fòm. Bèl atik mèsi Le National. N ap kontinye voye literati lakay monte jouk nan fetay kay. Pou yon kreyolizay mondyal.