Powèm
Powèm Nasyonal se yon kaye literè ki pibliye pou ranfòse ak fè plis pwomosyon pou Pwezi ak Kilti lakay. Kaye sila se yon kanpay sansibilizasyon ak vilgarizasyon sou lang ak Literati Kreyòl ki regwoupe dives Powèt Ayisyen toupatou sou planèt la. Yon latriye Powèt tout plim tout plimay, vant deboutonnen, bab blanchi ak yon kalite pawòl andaki ki pou remanbre konsyans Leta ak sosyete a an jeneral. Andidan Kaye Literè sila powèt yo degaje lanmou ak fistrasyon yo sou fòm atistik powetik modèn. Pran ti chèz ba w, ouvri jounal ou, vi n li ak konsyantize tèt ou nan Powèm Nasyonal yon inisyativ powèt Wilkens Scott Fifi ak Godson Moulite pote pou ou ansanm ak lòt kolaboratè tankou Dawinson Saint Charles aka Malab'art (Grafis), Tèt Pwav (Atis Pent), http://www.tetpwav.com
Powèm Nasyonal Sosyal
1
Senyen kè
Trip nou plòtonnen pòtre fil zegui
Nan dòmi vant ba grangou fè n peye tout pri
Nou koud nan yon sèl pwent
Yo fofile n kou kap lopital lapwent
Senyen kè n nan bann bal mawon
Sakrifye n kou nèg mawon
N ap benyen / manje / danse sou fatra
Poutan pòch nou san dola.
Yo ba n papye pou siga
Leta nimewo 1 nan fè bòz la.
Sistèm nan filange n
Mòso vyann kochon n ye
Yo bliye si nan may chèn nan
Jenès la / pi gwo pyon landemen pote
Yo toujou di pwomès se dèt.
Pa bò isit, pwomès se pèt.
Yon leta santi kri.
Ki pa pè bwè san n san fè pri.
Vi pèp la pa konte
Pòtre bèt se konsa yo donte n
Dekrè sou dekrè
Fè n tounen timoun ki nan rekre
K ap jwe woslè / Klòch la sonnen
Poutan sèvèl nou makonnen
Flanbo lespwa a klere / Van verite a soufle
Nou toujou ret kwense
Nou bay lenpresyon tèt nou sou zepòl
Anverite sèvo n ak lespri n dezasosye ak kò n
Senyen Kè
Stéphanie Boursiquot
Dèlma 42 / Ayiti
2
Kachimbo nan bouch / lafimen ap monte
Gran moun nan di / montre m andidan primati
m ap fè w wè sous ensekirite a.
Ban m yon didje / yon ma sigarèt
twa boutèy kleren Lanni / kanni
m ap fè w wè ayisyen k ap danse kanaval sou kadav
Douvanjou lonje lanmen bay lanjelis
Ti moun pa pran menm yon lasibab
Gran moun nan di / ban m yon jenn gason
m ap ba w yon bandi
Ban m yon bakòp polis
m ap chante fineray senk BESAP tou kri
Ti moun, koulè san ayisyen pa t janm wouj tande.
Koulè san nou se gri
Koulè alsfat sou gran ri
Marc Zulme / Ti nèg
Philadelphia / Pennsylvania USA
3
VYEYÈS
Yo te dim ou son fanm frekan.
San frape pòt / san di Lonè
Ou enstale w
Pou konbyen tan w la menm
Si vous avez déjà créé un compte, connectez-vous GRATUITEMENT pour lire la suite de cet article.
Pas encore de compte ? Inscrivez-vous
À lire également
Toute la rubrique Culture
Culture
L’artiste haïtiano-française, Josepha Dumas, présente « Là où les routes se croisent » à Montréal
Culture
Saveur Créole 509 de Carline Irantus au village de la Gastronomie, place de la Concorde à Paris
Culture
Samuel Suffren : la mer, l’absence et les vies qui restent
Culture
40 commentaires
Les échanges courtois et argumentés font la qualité du débat.
Connectez-vous pour commenter. Un compte garantit que votre nom n'est utilisé que par vous.
Se connecter Créer un compte
Commenter:powem
Verdie Lindor
Bel inisyativ😍
Robby Blay
padone m cheri si lespri m filmòl kò l nan kò w M rnmn sa anpil❣️🤌🏾🙅🏾♂️
Wilson Laine
Vickquie bon bagay powem lan file nan tout kol move move
Wilson Laine
Bon bagay Marc Arthur
Wilson Laine
Bon bagay Marc Arthur
Stéphanie Boursiquot
😍😍
Stéphanie Boursiquot
😍😍
Crazyroussie
Continue ainsi💪🏽
Elmeau Sherly
Goog job 🔥🔥🔥
Elmeau Sherly
Goog job
Wilkens Scott Fifi
Powèm lan Vivan! Si w kwè m manti al li Le National. Yon gwo kout chapo ak tout Ekip Le National la.
Ninia Bien Aime (Tipowèt)
“Padone m cheri si lespri m filmòl kò l nan kò w” Mapou ankò Lib e Libè toujou 🫰🏽🔥
Castro
Mèsi pou bèl ankourajman sa men Mta renmen patisipe nan pwochèn ribrik la
Cyndie
I lke it Mapou. 💙 ranch ou monte desann sou rit batman kè m larivyè pete koken
Stacy Victoria
Bèl inisyativ✊Anpil bèl tèks,m ta fè tout yon jounen ap li tèks nou. Ewa mesye dam👏 Pa sispann fè vwa nou rive pi lwen gras a plim nou
Queensley
Poem Juste c poem ki ekri passion et tristesse kote u k oedu ladann san reveille bravo
Marc Arthur Zulme (Ti nèg)
Mèsi Le National avèk Wilkens S Fifi. 🙏🏾 Felisitasyon avèk tout moun ki gen tèks yo pibliye, mwen li tout e m renmen yo anpil. Pwezi Libète nan kay la. ✍🏾
Ven2see
Wao!
Jimmy
Great poem.
T-nèg
Félicitation
Iyve
Bel powèm sa yo sorti nan je
Gigi
Epi yon jou, powèm nan pati
Joseph sheelove
Felisitasyon Vikqie AK tout konpatryòt ayisyen yo k'ap voye lang kreyòl la monte pi wo
Don
Kachimbo nan bouch / lafimen ap monte Gran moun nan di / montre m andidan primati m ap fè w wè sous ensekirite a. ( Bon travay Marc Zulme)
Rèn Solèy 🌞 JUJU
Felisitasyon 👏👏
Godson MOULITE
Mwen vrèman byen lè map li powèm solèy sa yo
Yoo
🥰🥰🥰
Zikòs
Pwezi Libète nan kay la
Joseph Malherbe
Yon jou la jou, se sa k fè #Pwezi #Libète salye Tinèg, Wilkens, Mapou, Vikqie ak lòt frè sè powèt yo. Sèl sa m di yon jou la jou isit.
Malherbe JOSEPH
Yon jou la jou, se sa k fè #Pwezi #Libète salye Tinèg, Wilkens, Mapou, Vikqie ak lòt frè sè powèt yo. Sèl sa m di yon jou la jou isit.
Joseph Malherbe
Yon jou la jou, se sa k fè #Pwezi #Libète salye Tinèg, Wilkens, Mapou, Vikqie ak lòt frè sè powèt yo. Sèl sa m di yon jou la jou isit.
Philippeson Juste
Le National, yon kout wololoy pou ou ! 👏🏾👏🏾
Philippeson Juste
Sa m wè la a, tou nèf. Sa m wè la a, sa k pa ka pote l y a kapote l. Bravo ak tout estaf la ki pran bèl inisyativ sa a. Pwezi kontan, atizay souri jòn. Ewa ewa !! Tout pwezi yo vivan ! 👏🏾
Wilkens Scott Fifi
Ewa bon bagay, anpil lanmou pou Le National k ap kore Literati lakay. Anpil bèl powèm m santi m kontan. Mèsi ankò!
Stéphanie Boursiquot
😍😍
Stéphanie Boursiquot
😍😍
Stéphanie Boursiquot
😍😍
Yves Romel Toussaint
Map tou fè ti pik mwen la
Yves Romel Toussaint
Map tou fè ti pik mwen la