Écrire à la rédaction
Radio Pacific 101.5 fm
Culture

Asosyasyon kiltirèl Bonjou Lakilti ap lanse 4 èm edisyon Ann tounen nan dantan n

Asosyasyon kiltirèl Bonjou Lakilti ap lanse 4 èm edisyon Ann tounen nan dantan n

Écouter l'article

Asosyasyon Kiltirèl Bonjou Lakilti ap tanmen pou yon lòt fwa youn nan manifestasyon sosyokiltirel ki rele Ann tounen nan dantan n. Aktivite sila a se pi gwo ekspresyon fyète pou n pataje ak jenerasyon k ap vini yo sou enpòtans jwèt tradisyonèl nou yo. Jounal la te rankontre Junior Félix youn  nan responsab yo nou te fè yon ti bat bouch ak li.

 

Le National : Asosyasyon kiltirèl Bonjou lakilti ap lanse 4 èm Edisyon Ann tounen nan dantan n pale nou de aktivite sila a?

Junior Félix : Ann tounen nan dantan n se yon inisyativ pou konekte  plizyè jenerasyon nan yon anbyans kiltirèl Asosyasyon Kiltirèl Bonjou Lakilti mete sou pye depi lane 2021 atravè jwèt tradisyonèl nou yo; sote kòd, jwe marèl, damye, lido, woslè, pench, toukay, teke mab, woule sèk, tire kont ak chan tradisyonèl yo.

 

LN : kisa ki prevwa nan aktivite Sila a ?

JF :  Nan jounen k ap anonse lansman 4èm edisyon an, nou prevwa yon gwo ekspozisyon liv, atizana, jwèt tradisyonèl. Atelye  penti, potri, kwochè, papye mache, dans, rankont match foutbòl ak yon konferans Sosyològ Ileus Papillon ap ofri piblik la.

 

LN : Kisa k ap diferansye 4 èm edisyon an de lót ki te pase yo?

JF : Diferans k ap genyen nan 4èm edisyon an pa rapò ak lòt anvan yo;

N ap gen yon dokimantè pou n montre wòl ak enpòtans jwèt tradisyonèl nan lavi yon timoun k ap grandi bò isit pandan l nan modènite l.

 

LN : ki enpotans Ann tounen nan dantan n genyen nan sosyete nou an?

JF : Ann tounen nan dantan n se pi gwo ekspresyon fyète pou n pataje ak jenerasyon k ap vini yo sou enpòtans jwèt tradisyonèl nou yo, se fason pou n montre yo kouman yo pa dwe neglije sa ki fè valè yo kòm moun.

 

LN : Eske ou ka drese yon lis tradisyon ki disparèt nan peyi a?

JF : Lè lanjelis kaba kounya nou sèlman wè timoun yo se smartphone yo gen nan men yo, lakou yo vid, pa gen rasanbleman anba tonèl yo ankò, pye bwa yo pa jwenn ti kont ankò. Se pou n di tradisyon yo prèske disparèt tankou: Lago kache, pla men cho, kouri sèk, jwèt marèl, woslè, pench, jwèt kay, titato.

 

LN :  Kisa nou ka fè pou nou chanje sa?

JF : Pou n chanje sa se plis sitwayen konsyan, konsekan ki pou angaje pou al jwenn sa k ap vini yo, se sak fè AKBL tanmen depi kèk tan kanpay promosyon sou valè tradisyonèl nou yo e ki efè pozitif sa genyen sou devlopman nou.

 

LN :  Lè nou sóti kolèj Notre Dame d' Altagrace kote nou konte ale ankò?

JF :  Aprè Kolèj Notre Dame Altagrace, ekip la deja ap prepare pou Kolèj Saint François d’Assise.

 

Le National : Yon denye mo

Junior Félix :  Kilti se nanm yon pèp, ann rete ba l jarèt pou l pa disparèt. Mèsi ak sila k ap rejwenn nou nan batay la pou n tounen nan dantan n.

 

Schultz Laurent Junior

0 commentaire

Les échanges courtois et argumentés font la qualité du débat.

Connectez-vous pour commenter. Un compte garantit que votre nom n'est utilisé que par vous.

Se connecter Créer un compte

Aucun commentaire pour l'instant. Soyez la première personne à réagir.

À lire également

Toute la rubrique Culture

Alertes du National

Recevez une notification sur votre téléphone ou votre ordinateur dès qu'un article paraît dans les rubriques de votre choix. Gratuit, sans inscription.

Rubriques à suivre