Écrire à la rédaction
Radio Pacific 101.5 fm
Culture

Lansman mwa lang ak kilti kreyòl 2023

Lansman mwa lang ak kilti kreyòl 2023

Se sou tèm: «Lang kreyòl ayisyen: yon zouti pou devlòpman dirab» Akademi Kreyòl Ayisyen an ( AKA) lanse ofisyèlman mwa lang ak kilti kreyòl pou lane 2023 a nan otèl Le Plaza jou ki te 6 oktòb 2023.Yon bèl seremoni kiltirèl wodpòte te make jounen sila a. Manm AKA yo te dekore twa (3) akademisyen ki goumen pou mete enstitisyon sa a sou pye.Nan non Prezidan Akademi an Rogeda Dorcé Dorcil, vis prezidan AKA a Rosilia François Corneille nan Diskou li an montre se nan yon reyinyon kè kontan y ap selebre lang manman an ki se eritaj lengwistik ak eritaj kiltirèl pèp ayisyen an alawonnbadè.

Nan diskou  li a   prezidan AKA a  Rogéda Dorcé Dorcil fè tout moun konen jounen 6 oktòb 2023 a, se yon dat espesyal pou Akademi Kreyòl Ayisyen. Enstitisyon an  lanse selebrasyon mwa lang ak kilti kreyòl 2023 a . Pou mesye Dorcil , se nan yon kominyon kè kontan yo reyini pou yo selebre eritaj lengwistik ak eritaj kiltirèl sa a: lang kreyòl ayisyen an.

«  Akademi Kreyòl ayisyen chwazi selebre ane 2023 a sou tèm: «Lang kreyòl ayisyen: yon zouti pou devlòpman dirab». Se yon fason pou Akademi an kapte atansyon tout aktè, tout sektè, tout sosyete a, an jeneral sou nesesite pou nou itilize lang kreyòl ayisyen kòm yonn nan zouti ki kapab ede nou fè peyi Ayiti pran chemen devlopman dirab la toutbon vre. Se yon demach ki dwe enterese chak Ayisyen : Pa gen dout sou sa. »

Li te pwofite anonse tou jounen lansman an, se yon okazyon pou nou sonje yon dat, 25 Sektanm 2015. Lè tout 193 Peyi manm Òganizasyon Nasyonzini an te leve kanpe bat bravo nan moman adopsyon pwogram :«An nou chanje monn nou an gras ak Objektif Devlopman Dirab yo rive nan lane 2030 ». « Nan jou sa a, se  tout asistans lan ki te santi gen yon limyè konsyans ki te travèse tout dirijan monn nan, kòmkwa, nou pa ka kontinye ap esplwate resous natirèl ak espirityèl nou yo vaykevay konsa si nou vle kite yon planèt ki pi vivab pou jenerasyon ki ap vin dèyè yo epi si nou vle pou chodyè devlopman an sispann kontinye bouyi yon sèl bò.  Nan okazyon sa a, ansyen Sekretè Jeneral Nasyonzini an, mesye Ban Ki-Moon louvri chantye Objektif Devlopman Dirab yo ak de (2) manman kondisyon endispansab pou yo reyisi :

Si vous avez déjà créé un compte, connectez-vous GRATUITEMENT pour lire la suite de cet article.

Connectez-vous

Pas encore de compte ? Inscrivez-vous

Suivez-nous sur WhatsApp

1 commentaire

Les échanges courtois et argumentés font la qualité du débat.

Connectez-vous pour commenter. Un compte garantit que votre nom n'est utilisé que par vous.

Se connecter Créer un compte

Jeanty

Yon bèl bout atik

À lire également

Toute la rubrique Culture

Alertes du National

Recevez une notification sur votre téléphone ou votre ordinateur dès qu'un article paraît dans les rubriques de votre choix. Gratuit, avec votre compte lecteur.

Rubriques à suivre