Akademisyèn Marie-Jeanne Léo Louis Charles fè vwal pou peyi san chapo
Nan yon nòt tou louvri li mete deyò Akademi Kreyòl ayisyen ( AKA) anonse lanmò akademisyèn Marie Jeanne Léo Louis Charles nan jou ki te 29 jen 2023.
Akademi Kreyòl Ayisyen (AKA) ap anonse ak anpil lapenn lanmò Akademisyèn Marie-Jeanne Léo Louis Charles janbe apre li te fin goumen ak yon maladi ki finalman pote li ale 29 jen 2023, nan vil Boston (Etazini). Anvan li vin Akademisyèn, Marie-Jeanne Léo Louis Charles te pase yon bon pati nan vi li ap travay nan fè pwomosyon lang kreyòl ayisyen an, sitou nan domèn edikasyon. Li patisipe nan montre moun li ak ekri kreyòl epi pote kontribisyon li nan konsepsyon materyèl didaktik ak pedagojik.
Akademisyèn, Marie-Jeanne Léo Louis Charles gen yon fòmasyon inivèsitè nan lèt klasik ak nan òganizasyon ak jesyon pwojè. Vis Dwayen nan Faculté des Lettres et des Sciences Humaines-FLESH (UNDH), se dènye pos li te okipe. Akademisyèn nan fèt Kanperen (Depatman Sid, Ayiti) 31 janvye 1964. Apre plis pase trant (30) lane l ap travay nan domèn edikasyon, li te antre nan Akademi Kreyòl Ayisyen nan dat 30 jen 2022. Se Inivèsite Leta Ayiti ki te pwopoze kandidati li pou li vin manm enstitisyon an. Malgre li te nouvo, li te gen yon patisipasyon aktif nan divès aktivite Akademi an.
AKA pwofite pou li rapòte yon lòsyè nan pawòl Marie-Jeanne Léo LOUIS-CHARLES lan nan moman li te poze kandidati li pou li te vin Akademisyèn: «Se tout rèv mwen pou ede flanbo a limen pi lwen paske konprann yon lang, eksprime lide w ladan, etidye fonsyònman l, se tout travay sa yo kreyasyon ak aksyon Akademi Kreyòl Ayisyen an (AKA) dwe pote. Alòs, etid sou sistèm kominikasyon ki pèmèt nou eksprime lide nou pi byen dwe fè wout li. Regilarize ekriti lang kreyòl la selon nòm lengwistik yo dwe pote fwi. Tout sa enpòtan pou evolisyon lang kreyòl la».Akademi Kreyòl Ayisyen (AKA) swete fanmi, zanmi, kòlèg ak etidiyan Akademisyèn Marie- Jeanne Léo Louis Charles yo kondoleyans, pandan l ap ankouraje tout moun pou yo kontinye rapousuiv bèl travay Akademisyèn nan te kòmanse.
Si vous avez déjà créé un compte, connectez-vous GRATUITEMENT pour lire la suite de cet article.
Pas encore de compte ? Inscrivez-vous
0 commentaire
Les échanges courtois et argumentés font la qualité du débat.
Connectez-vous pour commenter. Un compte garantit que votre nom n'est utilisé que par vous.
Se connecter Créer un compte
Aucun commentaire pour l'instant. Soyez la première personne à réagir.