Asosyasyon kiltirèl Bonjou lakilti ap selebre yon uityèm rekòt kafe
Écouter l'article
Asosyasyon kiltirèl Bonjou lakilti ap selebre yon uityèm anivèsè jou k ap 8 jiyè 2023 .Se anba tèm : « Ann selebre lavi ak la kilti » seromoni aktivite yo gen pou dewoule avèk 2 envite k ap alonè jou sila a . Jounal la te fè yon ti bat bouch ak Junior Félix k ap di nou pi plis sou aktivite sila a.
Le National : Asosyasyon kiltirèl Bonjou Lakilti ap selebre 8 lane depi li te fèt ak ki santiman n ap selebre uityèm rekòt kafe sa a ?
Junior Félix : Se ak yon santiman fyète, satisfaksyon ane sa a pou n selebre 8 lane angajman Asosyasyon Kiltirèl Bonjou Lakilti an pran pou bay bourad ak La kilti. Ap genyen temwanyaj, pwezi, kozri, ak anpil lot aktivite k ap rasanble zanmi ak kolaboratè Asosyasyon kiltirèl Bonjou lakilti Jounal la te fè yon ti bat bouch avèk Junior Felix
LN : Ki aktivite k ap genyen nan okazyon sila a ?
JF : Sèlman ane sa a ap gen projeksyon ak ekspozisyon foto yon fason pou nou enfòme sila ki pwal fè konesans ak nou pou yon premye fwa wè e konprann poukisa batay sa pa dwe kanpe apresa ap gen kwen Temwanyaj, atelye potrè, chan, dans, eslam, kozri, Resital pwezi
LN : ki kontribisyon Asosyasyon kiltirèl Bonjou lakilti pote nan milye kiltirèl peyi DAyiti ?
JF : Asosyasyon an kontribiye nan fè promosyon pou lang manman nou ( Kreyòl ), valorize ansanm jwèt tradisyonèl yo ki prèske disparèt epi mete pwojektè sou jèn atizan yo
LN : Eske nou satisfè de sa nou reyalize deja ?
JF : Kenbe pou rive a 8 lane se yon bagay de jou an jou ki pa sispann pote satisfaksyon pou nou, e se sak ba n fòs ak tout manm Asosyasyon an pou n kontinye.
LN : Kiyès ki sipote nou ?
JF : Nou pa gen sipòtè ,men nou konn jwenn bourad pafwa nan men kèk patikilye ki kwè nan sa nap fè yo. Apresa se chak grenn manm Asosyasyon an ki konsyan ke batay sa se sakrifis li ye sa vin fè grès kochon an byen kwit kochon an.
LN : Anba ki tèm n ap selebre uityèm rekòt kafe sa a kiyès ki envite donè yo ?
JF : 8èm rekòt la ap selebre anba tèm: «Ann selebre Lavi ak Lakilti». Envite donè nou yo ane sa ap Rhod D'Jyvens Télémaque ( *D-Fi Powèt Revòlte*) ak Marc Sony Ricot (Jounalis kiltirèl, kwonikè .
LN : Kisa Asosyasyon kiltirèl Bonjou lakilti ta renmen reyalize nan jou K ap vini yo ?
JF : Aprè 8èm lane nou an la nou pral lanse senkyèm edisyon « Été des artisans». Mete sou pye plizyè atelye atizay ak fòmasyon e ofri jèn ki enterèse yon moman divèstiman ak lwazi pandan vakans lan, pou vin founi je gade e aprann plis nan domèn ekriti ak pwezi.
Le National : ) Kisa ou ta renmen di avan nou fini ?
Junior Félix : Anvan nou fini mwen ta renmen pataje ak tout moun e patikilyèman ak sila ki pi piti yo, kenbe flanbo kilti nou paske se li ki idantite nou.
Schultz Laurent Junior
1 commentaire
Les échanges courtois et argumentés font la qualité du débat.
Connectez-vous pour commenter. Un compte garantit que votre nom n'est utilisé que par vous.
Se connecter Créer un compte
Fabiola DACTILE
Mwen renmen kesyon ak repons ki bay yo. Bravo LN & AKBL ! Se te yon plezi pou m li echanj sila yo. Vrèman mèsi anpil.