Tafa ede m sènen kiyès ou ye?
Mwen pran san m pou m avantire nan imansite talan sa. Ou respekte divèsite ak save local la anpil, poudayè, apre fè m dòmi kèpòpòz, se sa ki yo pwen fò ou. Rit yo pa monotòn nonplus. Nan Phoenix lan, nou jwenn Rock n roll, Afro, RNB, Rasin, Tekno ak lòt dimansyon ritmik. Kout tanbou Sisko yo pote anpil sansasyon ak enèji. Tit yo entrigan epi tèks yo ta sanble pa ekri ak refleksyon men pito ak reyalite. Jan Paul Eluard ta ka di l, vrè powèm yo se sa ki inikman soti anndan nou yo poutan tout sa ki reflechi epi travay yo, selon powèt sireyalis la, yo mèt rele yo pwezi.
«Phoenix», «Sole», «Zili» ak «Lakou» se kèk mòso ki boure ak espirityalite. Ou resouse w nan nannan vodou a pou w moute tèks sa yo. Yo gen motivasyon ak kouraj ladan yo tou. Sole mache tankou yon tekno men an reyalite se yon kongo Sisko frappe pou siyonnen tout ti kwen nan kè nou. Twa lòt mòso yo ki se «Janmen lwen w», «Mercy» ak «Etranje» se yon reprezantasyon literè de yon lanmou toksik, yon relasyon ki difisil pou viv. Nan janmen lwen w, kreyatè a ap pale ak yon moun ki deside kouri lwen li pou yon rezon nou pa konnen, epi li menm, li deside rete konekte ak moun sila (Mwen anvi di w chak jou ou manke m | Sa di, men m pa anvi ba w vag | Jis pwomèt mwen w ap tounen jwenn mwen an antye). Nan fen estwòf sila, pawolyè moutre kouman li gen lespwa nan retou moun sila. Nan Mercy, nou ka tande vwa yon kè brize k ap chante. Ou ta di se Nina Simone k ap depoze. Lanmou pran kout ba. Yon zanmi konkeri kè lanmoure kreyatè a (Ou kwè m | Si w konn jan l ba w manti | Li fè w kwè l se revè w | Li akòde byen avè w | Ou renmen jan l konnen w | Ou rive di m pa t renmen w | Tankou jwèt nan pla men l | Li antisipe anvi w). Nan etranje menm, ou fè m tande vwa yon fanm ki anprizone anba yon lanmou toksik tout bon. Koregrafi mizik lan fèt nan yon estil alegorik. Yon jennonm zye bande, do touni epi ki chita san bouje. S on moun ki la men ki pa la. S on moun k ap ba w lajwa an menm tan k ap fè w kriye. S on pantalèt san fouk, yon bisiklèt san chèn. Se vre w ap pedale, ou swe men ou rete sou plas. Jounen Jodi a, ak modèl moun sosyete a ap pwodui sou rezo sosyal yo, se bagay pou nou ta pè menm tèt nou. Gen lenpresyon, nou poko menm ka sènen pwòt tèt pa nou.
Mwen s on etranje pou mwen menm. Mwen bliye siyati bonè. Melankoli dòmi leve, fè twalèt li nan panse m. Gen de jou pale ak zanmi pa sifi pou mwen. Gen de jou, gade manman mwen pa ase pou mwen. Gen de jou, se vwa w pou m tande. Gen de jou, se ak non w pou m priye. Tafa sole m. Tafa bonnami mwen zen. Tafa nan kas, bonnami mwen zen. Mwen ki plen ak enpèfeksyon, vwa w aleje m. Mizik ou pike m nan kè. M anvi konn ak ki resèt ou trese melodi ou yo. Ki maji w fè pou w touche kè m konsa. Ta sanble w mare m. Si se ta sa, ou fout merite peye. Si se ta sa, mwen s on nonm chanse. Mwen mare nan pye yon Phoenix k ap vole wo. Mwen di Phoenix men an reyalite mwen pa rive ka sènen ki moun ou ye. Menm si mwen nan fon solitid, ou toujou jwenn yon fason pou w chante nan tèt mwen. Mwen konn andedan fon somèy, ou jwenn yon fason, ou fofile nan lavi m tankou yon rèv. Mwen konn wè m nan espektak ou. Mwen sèl mwen nan sal la. M ap gade branch dread ou yo k ap di mwen yo p ap janmen lwen mwen. Lè mwen nan bon trankilite ak prezans mizikal ou sèlman, mwen ka rive li chak tirè ak chak pwen vigil ki poko fin jwenn fraz pou taye banda nan pawoli ou yo. Nanm ou chante fò. Nanm mwen pran tranbleman. Kiyès ou ye, pou w touche kè m konsa? Kiyès ou ye pou w defòme plim sou kò mwen konsa?
Si vous avez déjà créé un compte, connectez-vous GRATUITEMENT pour lire la suite de cet article.
Pas encore de compte ? Inscrivez-vous
0 commentaire
Les échanges courtois et argumentés font la qualité du débat.
Connectez-vous pour commenter. Un compte garantit que votre nom n'est utilisé que par vous.
Se connecter Créer un compte
Aucun commentaire pour l'instant. Soyez la première personne à réagir.