Kritik Kolektif 30 Janvye a fè
Kolektif 30 Janvye (K30J) kritike Rezolisyon 7 me 2024 Konsèy Prezidan pou Tranzisyon (KPT) an sou gwo desizyon ki pou pran avèk majorite 5 manm sou 7 (majorite 2/3) e chita sou baz yon prezidans derechanj. Nan lide pou satisfè revandikasyon gwoupman politik kote kèk manm pami 7 yo soti, Rezolisyon an mete nan kategori gwo desizyon sila tout fonksyon yon prezidan ki nan atik 139-147 konstitisyon peyi a. Pou eksprime dezakò ak pozision K30J a, tèks sila ap :
- Gade kote malèz K30J a soti;
- Di Akò 3 Avril 2024 (A3A) la pou KPT a fonksyone se te jwèt Malis ak Bouki ;
- Demontre Rezolisyon 7 me a se yon bon demach pou retabli konfyans nan KPT a ;
- Make twis nan A3A;
- Idantifye vrè objektif tout pati yo nan akò a ;
- Sijere pi bon règ jwèt la ;
Pou li fini, l ap konfime Rezolisyon KPT a se yon entèpretasyon Dekrè 12 (D12) avril 2024 e ka reentèprete nenpòt ki lè depi se pou fè konfyans vin pi solid pami yo.
Publicité — faites défiler pour poursuivre la lecture
Si vous avez déjà créé un compte, connectez-vous GRATUITEMENT pour lire la suite de cet article.
Pas encore de compte ? Inscrivez-vous
2 commentaires
Les échanges courtois et argumentés font la qualité du débat.
Connectez-vous pour commenter. Un compte garantit que votre nom n'est utilisé que par vous.
Se connecter Créer un compte
Poincy
Konpatriyòt, kòmantè sa w fè la montre w te pran tan w pou li tèks sa a pou fè moun yo wè pi klè sans tèks ki ekri yo e pa gade yo sou sifas sèlman… tout swit aprè nòt Kolektif 30 Janvye, mwen pran yon ti tan pou m apwofondi atik ki te trete kesyon sila a mwen te kòmanse ap kesyone deja… mwen te jije lojik Kolektif la ki fè sans pat ale ase lwen nan sa tèks yo vle di… jan w di a mwen pat ka rete nan silans mwen san di anyen… ankò mèsi pou ankourajman…
Henri D. Baptiste
Yon moun ki di li se pwofesè ak tonton chèf nan inivèsite pa dwe deside rete andeyò deba ki konsène peyi a. Inivèsitè patriyòt Leslie François Manigat te konprann sa! Yon peyi tankou Ayiti pap janm rive dekole si pa moun yo ki vrèman gen konesans ak savwa fè yo ki monte sou teren politik la. Nou wè kote rate yo mete peyi a pandan 38 tan (1986-2024). E se poko fini. Nan 38 tan, nou wè se sèl patriyòt Manigat ki te tante dirije nan enterè peyi a. Epi se sèl lòm save Manigat ki te taye pou okipe pòs pwezidan. Aprè sa, san esepsyon tout lòt yo se bagay ki te rate nan domèn yo ki vin tante chans yo nan politik. Kòmkwa politik se pou moun rate ak dasomann li fèt. Pwezidan ak PM dasomann fè kenken. Aristide ak Preval re ouvè vann nan. Nou wè rezilta yo tout. Se movèz gouvènans ak kawo. Antouka, krèy pwezidansyèl la rete poul etone n nan bon sans. Pwofesè, kontinye fè tande vwa w nan deba yo ak fè politik aktif ki pa nan chimen okabine abityèl yo. Answit envite lòt inivèsite pou yo fè menm jan tou. Yo pa Masyen se ayisyen yo ye. Lè politisyen azizwèl yo mete peyi a nan chimen tipaskout, movèz gouvènans ak kawo li fè yo paka fonksyone tou kòm Ayisyen. Kenbe la!