Nan yon kominike Association FEL Caraïbes pataje lajman sou rezo li yo samdi 1e me 2024 la, responsab yo devwale non twa (3) ekriven k ap alonè nan 6èm edisyon Festival Entènasyonal Literati Kreyòl (FEL 2024). Sou tapi donè a, nou jwenn : Serge Madhère (Ayiti), powèt, doktè nan statistik ak metòd rechèch, pwofesè inivèsite Ozetazini ; Michel Ducasse (Lil Moris), powèt, tradiktè literè, jounalis, fòme nan domèn lenguistik ak lèt, epi Lyonel Desmarattes ki se ekriven, jounalis, tradiktè literè, manm Akademi Kreyòl Ayisyen. Daprè menm kominike a, FEL 2024 la ap dewoule soti 3 pou rive 8 desanm 2024 la an Ayiti (Pòtoprens, Gonayiv) epi an liy, jan sa abitye fèt depi kèk ane.
Ekriven ki alonè nan Festival Entènasyonal Literati Kreyòl depi 2019
Chak ane, Festival Entènasyonal Literati Kreyòl mete pwojektè sou de oubyen twa pèsonalite, kote li onore yo pou travay yo ak kontribisyon yo nan dinamik pwomosyon ak devlòpman literati kreyòl. Se okazyon kote festival la asire pwomosyon zèv pèsonalite sa yo epi envite piblik la (re) dekouvri travay yo. Men pèsonalite literè ayisyen ak etranje ki pote deja chapo « Envite alonè » depi kreyasyon evènman an :
Publicité — faites défiler pour poursuivre la lecture
Publicité — faites défiler pour poursuivre la lecture
Si vous avez déjà créé un compte, connectez-vous GRATUITEMENT pour lire la suite de cet article.
Pas encore de compte ? Inscrivez-vous
0 commentaire
Les échanges courtois et argumentés font la qualité du débat.
Connectez-vous pour commenter. Un compte garantit que votre nom n'est utilisé que par vous.
Se connecter Créer un compte
Aucun commentaire pour l'instant. Soyez la première personne à réagir.