Nan kad laviwonndede sou komemorasyon Lang ak Kilti Kreyòl ayisyen an, Kenny Thelusma ak Elmano Endara Joseph anime premye seri aktivite ak konferans-deba, pou Zafè Patrimwàn ki louvri 25 oktòb 2026, sou pwodiksyon ak sikilasyon syans an kreyòl nan inivèsite yo. Aktivite sa a, ki dewoule an liy sou Google Meet, nan kat laviwonndede 2 jèn sa yo ap fè nan dènyè trimès ane a, devan anviwon 30 patisipan, relanse refleksyon sou plas lang manman an nan rechèch syantifik, transmisyon konesans ak demokratizasyon edikasyon siperyè ann Ayiti.
Kreyòl la devan defi pwodiksyon konesans syantifik
Pwodiksyon ak sikilasyon syans an kreyòl nan inivèsite yo se te tèm santral twazyèm konferans-deba Kenny Thelusma ak Elmano Endara Joseph, nan kad mache kontre yo a, anime dimanch 25 oktòb 2026 la. Rankont sa a te antre nan kad aktivite Zafè Patrimwàn mete sou pye pou komemore Lang ak Kilti Kreyòl la, nan yon moman kote kesyon plas lang manman an nan sistèm edikatif ayisyen an kontinye soulve gwo deba.
Pandan rankont vityèl sa a, ki te fèt ant 7è ak 9è nan aswè, anviwon 30 patisipan te reyini pou reflechi sou relasyon ki genyen ant lang, syans, rechèch ak ansèyman siperyè. Elmano Endara J. ak Kenny Thelusma te entèvni kòm konferansye, pandan Linsey Neïssah Saint Jean te asire moderasyon deba a. Elmano Endara Joseph te louvri deba e pouse piblik la nan refleksyon sou travay syantifik ki reyalize deja nan lanng kreyòl la, nan kontèks yon demach ki chèche bay kreyòl la plis plas nan espas pwodiksyon ak pataj konesans.
Publicité — faites défiler pour poursuivre la lecture
Publicité — faites défiler pour poursuivre la lecture
Si vous avez déjà créé un compte, connectez-vous GRATUITEMENT pour lire la suite de cet article.
Pas encore de compte ? Inscrivez-vous
0 commentaire
Les échanges courtois et argumentés font la qualité du débat.
Connectez-vous pour commenter. Un compte garantit que votre nom n'est utilisé que par vous.
Se connecter Créer un compte
Aucun commentaire pour l'instant. Soyez la première personne à réagir.