Powèm Nasyonal se yon kaye literè ki pibliye pou ranfòse ak fè plis pwomosyon pou Pwezi ak Kilti lakay. Kaye sila se yon kanpay sansibilizasyon ak vilgarizasyon sou lang ak Literati Kreyòl ki regwoupe dives Powèt Ayisyen toupatou sou planèt la. Yon latriye Powèt tout plim tout plimay, vant deboutonnen, bab blanchi ak yon kalite pawòl andaki ki pou remanbre konsyans Leta ak sosyete a an jeneral. Andidan Kaye Literè sila powèt yo degaje lanmou ak fistrasyon yo sou fòm atistik powetik modèn. Pran ti chèz ba w, ouvri jounal ou, vi n li ak konsyantize tèt ou nan Powèm Nasyonal yon inisyativ powèt Wilkens Scott Fifi ak Godson Moulite pote pou ou ansanm ak lòt kolaboratè tankou Dawinson Saint Charles aka Malab'art (Grafis), Tèt Pwav (Atis Pent), http://www.tetpwav.com
Powèm Nasyonal Sosyal
1
Senyen kè
Trip nou plòtonnen pòtre fil zegui
Nan dòmi vant ba grangou fè n peye tout pri
Nou koud nan yon sèl pwent
Yo fofile n kou kap lopital lapwent
Senyen kè n nan bann bal mawon
Sakrifye n kou nèg mawon
N ap benyen / manje / danse sou fatra
Poutan pòch nou san dola.
Yo ba n papye pou siga
Leta nimewo 1 nan fè bòz la.
Sistèm nan filange n
Mòso vyann kochon n ye
Yo bliye si nan may chèn nan
Jenès la / pi gwo pyon landemen pote
Yo toujou di pwomès se dèt.
Pa bò isit, pwomès se pèt.
Yon leta santi kri.
Ki pa pè bwè san n san fè pri.
Vi pèp la pa konte
Pòtre bèt se konsa yo donte n
Dekrè sou dekrè
Fè n tounen timoun ki nan rekre
K ap jwe woslè / Klòch la sonnen
Poutan sèvèl nou makonnen
Flanbo lespwa a klere / Van verite a soufle
Nou toujou ret kwense
Nou bay lenpresyon tèt nou sou zepòl
Anverite sèvo n ak lespri n dezasosye ak kò n
Senyen Kè
Stéphanie Boursiquot
Dèlma 42 / Ayiti
2
Kachimbo nan bouch / lafimen ap monte
Gran moun nan di / montre m andidan primati
m ap fè w wè sous ensekirite a.
Ban m yon didje / yon ma sigarèt
twa boutèy kleren Lanni / kanni
m ap fè w wè ayisyen k ap danse kanaval sou kadav
Douvanjou lonje lanmen bay lanjelis
Ti moun pa pran menm yon lasibab
Gran moun nan di / ban m yon jenn gason
m ap ba w yon bandi
Ban m yon bakòp polis
m ap chante fineray senk BESAP tou kri
Ti moun, koulè san ayisyen pa t janm wouj tande.
Koulè san nou se gri
Koulè alsfat sou gran ri
Marc Zulme / Ti nèg
Philadelphia / Pennsylvania USA
3
VYEYÈS
Yo te dim ou son fanm frekan.
San frape pòt / san di Lonè
Ou enstale w
Pou konbyen tan w la menm
Nou bouke kwaze nan chimen kwochi
m fè w twòp grimas
Jodiya w sennen m nan chimen
verite
Apa djakout ou chaje (eyyy)
Ou vin pou w mize sè m?
Depi lè m kòmanse frekante w
M pèdi repitasyon m
Zanmitay ou yo pòtre move lawon
Yo pa lage m yon may
Lanwit menm s on tray
Ki radyès sa la sosyete?
Apa dèyè pòt tounen douvan kay (mmmm)?
Manzè vyèyès prita m tankou chwal lap donte
Alè kile m pa gen lòt chwa ke lage bay
VikQie (Santiago / Sendomeng)
4
Chak jou n leve
N ap gagari lespwa
Nan kannari gòjèt nou
depi solèy leve
jouk li kouche
Jounen yo pran plezi janbe n san eskiz
Nou pa fouti sonje dènye fwa n pataje souri ak byennèt
Laj pyès zetwal pa vle depase almanak
Fènwè fè tout bouji
Tout lanp tèt gridap
Tout lanpadè pase yo dèyè
ba l layite wòb li nan tout fèy bwa lesperans
Menm lalin rete nan kanpe lwen
Krikèt ak zandolit fèmen dyòl
Rit mizik lan kase de bout
Se tchovi rechinya k sèvi n refren
Sou tout lantouray yo
Se yon sèl mizik li ye
epi bò isit bal sispann tire pou granmesi
anpil rèl toufe
Tout rèv grandi vit pase nan pil
Se kase fèy kouvri sa
Yo pa ban n tan fè dèy jenès k disparèt anba flanm sistèm nan
Viv isit se aksepte apèl gran simityè san je n poko fèmen
ayiti nou site non w men pa detounen w
Simityè p ap janm bouke
Ride n pote chay legzistans
Maloblijans pachiman
Longè peche n longè vivans nou
Dayè
Se nan kouti lavi
n jwenn retay
pou n abiye lanmò...
GREGPHILE
Kafou / Ayiti
5
rayisman m pou Leta
pa gen pwen / ni vigil
li pale tout lang
tout vèb konjige
mwen
se rayi m vin rayi tout sa k pa kòdyòm
se rayi m vle rayi
se rayi m ka rayi Leta a
rayi Leta
se sa m fè pi byen
toudayè
se sa m vin fè sou latè
Philippeson Juste (Mapou lib e libè)
La Havane / Cuba
Powèm Nasyonal Santimantal
1
Chak ou souri
Tan an pran fòm ou sou kò m
Zetwal yo tenyen yon bò
Ou s on vèsè an kè nan yon sòm
Chak ou souri
Lanati pran bay jòf
Solèy la kanpe tòf
Nan klere epi chèche twou bote w
Jouk lalin jouke nan fouk gran ri
Nan pran tiz yon ti souri inosan
Yon ti ri k chavire bonèt malonèt
Fè kòk fè dapiyanp sou twòkèt
Jouk li admire yon nègès tèt frèt
K ap bay payèt rakòlèt
Sa w tande a
Tout wanganègès anvi milatrès
Miltitrès / Pwès
Stéphanie Boursiquot
Dèlma 42 / Ayiti
2
Lè m premye wè nègès sila
m di rèn Saba / sa w vin fè isiba?
Menm lonbraj mwen te tonbe damou lonbraj li
De ti twou je m pa t ase pou admire bote l
De men m yo pa t pwòp ase pou fè l yon ti babay
Gen fanm se avèk dlo kokoye pou l ta benyen
Dlo tiyo nan Sen Mak pa pirifye ase
Marc Arthur Zulmé / Ti nèg
Philadelphia / Pennsylvania / USA
3
Lè m wè w
Kè m bat k on tanbou nan rara Yogann
Yon tenmpo ki fè m gaga
Ak yon rit sovaj k ap gwonde
Andidan nanm mwen
Yon senp souri w fè m delala
K on balerinè k pèdi kadans
Ak vizaj ti lèzanj sa (aaaaa) / mmm
M sanlè ba w losti a san konfesyon
Yèswa m vòlè reve w
Adjeeee (oooo)
M wè n k ap karese anba lawouze
Fè lago kache / manje nannan kokoye
Lè m reveye / m jwenn m ap nwaye
Si sèlman w te gen pouvwa wè nan fon kè m
Konbyen w anvoute m
San pèmisyon / san kondisyon
Ou mennen m nan yon lòt dimansyon
Kote se kò m ak kò w sèlman
K ap danse yon senfoni imòtèl
E si w ta prive m de atansyon w
Map plonje nan yon pèdisyon etènèl.
VikQie (Santiago / Sendomeng)
4
Flèzili
Souri w sèvi m gòm
pou m efase rati lavi pati kite
de bò machwè m
souri w se flè k pa ret ak pyès sezon
avè w nan chema taktik mwen nanpwen sezon blanch
souri w s on ekwasyon dènye eksponansyèl degre
ki bay tout gwo savan tèt vire
Souri w
S on laviwonndede
yon espiral lanvè landrèt
de kout tafya sèt kout dlo frèt nan rèl do
Souri w se priyè
souri w se vèvè k louvri baryè paradi
Pou tout nanm jwenn lapè
Souri w
S on twofe tout tibway vle ranpòte
anvan lanmò bouskile lavi
Aprè pè letènèl se sèl souri w ki
konn fè mirak Flèzili [...]
GREGPHILE (Kafou / Ayiti)
5
ranch ou monte desann sou rit batman kè m
larivyè pete koken
kanari m vid
ou mete m nan lari
toutouni de ran lari
m pòtre deloryòm
m ap mache miwo miba
sa w tande a
tout mizik dous anba ti vant
pipi anvayi dantèl pantalon m
padone m cheri
si lespri m filmòl kò l
nan kò w
Philippeson Juste (Mapou lib e libè)
La Havane / Cuba
