Medam/Mesye,
Nou menm òganizasyon ki siyen lèt sa, nou wete chapo nou byen ba pou nou salye tout konseye Lakoudèkont yo ki te pote kole nan reyalize yon rapò akseptab sou gagòt ki te fèt nan lajan Petwokaribe a. Travay sa a te montre aklè Lakou a gen yon gwo wòl li kapab jwe nan konbat kòripsyon nan sosyete a, lè gen volonte pou sa.
Depi 2020 Lakoudèkont pibliye Rapò sou jesyon 4,2 milya dola Petrokaribe a, kote l montre gen dirijan peyi a, enstitisyon piblik kou prive ki enplike nan vòlè lajan sa a. Men, jiskounye la a, anyen pa fèt pou yo mete kòd nan ponyèt moun ki gen dwèt yo tranpe nan piyaj sila a. Enfòmasyon ki rive jwenn nou fè konnen, vòlè ki enplike nan piye lajan petwokaribe a ap fè anpil mannigans pou yo bloke dosye a. Nan moman kote gen sanksyon entènasyonal k ap pran kont moun ki nan finanse gang, trafik dwòg ak zam epi fè kòripsyon nan peyi a, se bon moman pou konseye yo nan Lakoudèkont montre gen enstitisyon nan peyi a ki kapab fè travay yo. N ap pwofite raple pou tout moun, lajan Petwokaribe a se yon lajan Venezyela te prete Ayiti sou fòm Petwòl. Chak lane Leta ayisyen oblije mete lajan nan bidjè a pou li peye fon sa a. Sa vle di, pèp la pa bwè pwa, men se li k ap bay lapire.
Publicité — faites défiler pour poursuivre la lecture
Si vous avez déjà créé un compte, connectez-vous GRATUITEMENT pour lire la suite de cet article.
Pas encore de compte ? Inscrivez-vous
0 commentaire
Les échanges courtois et argumentés font la qualité du débat.
Connectez-vous pour commenter. Un compte garantit que votre nom n'est utilisé que par vous.
Se connecter Créer un compte
Aucun commentaire pour l'instant. Soyez la première personne à réagir.