Nòt Fòs refleksyon ak aksyon sou koze kay ak alimantasyon (Frakka) nan okazyon 13 lane tranbleman tè 12 janvye a
12 janvye 2010, 12 janvye 2013 fè egzakteman 13 lane depi yon gwo tranbleman tè frape Ayiti jouk nan zo. Dega tranbleman tè sa a te trennen dèyè li te lakòz plis pase 250 mil moun mouri epi anviwon 1 milyon 500 mil moun te lage de bra balanse, san kay pou yo rete. Apre kokenn chenn katastwòf sa a, anpil konpatriyòt anndan kou deyò peyi a te mobilize pou fè solidarite ak moun ki viktim yo. Peyizan yo te blije menm mete semans pou yo plante nan chodyè pou resevwa viktim ki debake lakay yo. Se te yon gwo mouvman solidarite.
Apre tranbleman tè a anpil bayèdefon te mobilize pou gade kouman ede rekonstui Ayiti. Konsa, yo te pwomèt plis pase 11 milya dola pou rekonstui peyi a. Pou sa, entènasyonal la ak dirijan Ayisyen yo te mete kanpe Komisyon Pwovizwa pou Rekonstui Ayiti ki te gen ti non franse CIRH[1]. Se komisyon sa a ki te gen nan tèt li Bill Clinton ak Jean Max Bellerives ak divès lòt aktè ki te gen responsablite pou jere fon yo. Men anreyalite, se nan radyo ak nan televizyon nou tande pale koze rekonstriksyon sa a. Bill Clinton, Jean Max Bellerives ak akolit yo te mete ak divès enstitisyon lokal ak entènasyonal pou gagote fon ki te rive debloke nan 11 milya pwomès ki te fèt yo. Se ak dife epi represyon pouvwa Tèt kale a te deplase pifò moun ki te nan kan yo apre tranbleman tè a. Apre sa, kèk grenn moun te jwenn 20 mil goud pou swadizan al chache lòt kay. Jouk nan moman n ap pale la a, plizyè santèn viktim 12 janvye toujou ap viv anba tant.
13 lane apre, pwoblèm lojman an ki te deja grav, vin pi grav. Moun nan mas yo, menm moun nan tiboujwazi a paka ni achte ni anfèmen kay pou yo rete. Pwopriyetè kay yo fikse pri yo an dola. Menm Leta ap anfèmen kay an dola pou mete yon seri enstitisyon. Pafwa se dirijan yo menm ki lwe leta kay yo fè ak lajan leta. Apre gagòt lajan CIRH la, Bill Clinton ak Kò Gwoup la mete yon bandi legal nan tèt leta a pou kontinye piyaj la. Se konsa yo pral dechèpiye lajan petwokaribe a. Bandi legal yo ak akolit yo nan entènasyonal la tabli gang nan tout peyi a pou anpeche mobilizasyon popilè, pou kontinye kenbe pouvwa a epi anpeche tout pwosè kont lajan CIRH la ak lajan petwokaribe a. Jounen Jodi a, akote tranbleman tè k ap mete mas pèp la nan lari, gen gang ame k ap pouse do mas yo. Nan katye popilè yo, gen plis pase 30 mil moun ki kouri kite lakay yo anba latèrè gang ame. Sa ki fè, ni pwoblèm kay, ni pwoblèm manje vin pi konplike pou mas yo.
Si vous avez déjà créé un compte, connectez-vous GRATUITEMENT pour lire la suite de cet article.
Pas encore de compte ? Inscrivez-vous
0 commentaire
Les échanges courtois et argumentés font la qualité du débat.
Connectez-vous pour commenter. Un compte garantit que votre nom n'est utilisé que par vous.
Se connecter Créer un compte
Aucun commentaire pour l'instant. Soyez la première personne à réagir.