Kouman nou konprann koze rate gaz la?
Bandi legal PHTK ansanm ak alye yo ekip pouvwa Akò Akwòkò 11 septanm 2021 yo fè Ayisyen prizonye anndan pwòp peyi yo.
Ayisyen anndan lakay sitou sila yo k ap viv Pòtoprens ak vil sou kote l yo tankou Kafou, Kwadèboukè, Leyogann, Kabarè… Frè ak Sè nou sa yo dapre jan sitiyasyon yan prezante la, anpil ladan yo, sanble ap viv pi move nan lavi yo kòm moun.
Se pa yon jwèt koze gaz la ye. Akòz pa genyen gaz pou pèmèt sikilasyon machin, pil ak pakèt Moun k ap viv nan zòn sa yo ki pa gen okenn sous revni, ki pa gen okenn jaden pou al keyi pwa, koupe yon bannann, fouye yon bit yanm, ki koulè nou ka dekri lamizè y ap benyen ladan l lan. E, yo pa fouti monte sou yon tèt kamyon, ni sou yon pon batiman pou ale lakay (an pwovens) pou al nan mitan fanmi yo, paran yo kote yo t ap benefisye gwo aksyon solidarite. Paske ou mèt tande tout koze, ou mèt tande youn ap bay lòt la kèk kout dan, kwè nan sa, menm lè li pat janm tande l, li pat janm pran nouvèl li, depi li debake, depi li desann machin nan, se pitit li, se nyès li, se kouzen li, se zanmi li, se ansyen boubout li ki kouri pou move lavi nan Pòtoprens. Kwè nou si w vle, premye reflèks la se kouri al wè li, pote kichòy pou li. Tout fanmi an reyini, yo fèmen moun nan anndan lakay pou repare l anvan pou layite kò l nan bouk la.
Si vous avez déjà créé un compte, connectez-vous GRATUITEMENT pour lire la suite de cet article.
Pas encore de compte ? Inscrivez-vous
0 commentaire
Les échanges courtois et argumentés font la qualité du débat.
Connectez-vous pour commenter. Un compte garantit que votre nom n'est utilisé que par vous.
Se connecter Créer un compte
Aucun commentaire pour l'instant. Soyez la première personne à réagir.