Lè a rive pou mete enterè peyi a devan tout lòt bagay
Depi kèk mwa, CRAN pa t fè yo tande vwa l. Manm yo t ap swiv ak anpil atansyon ki direksyon peyi a t ap pran. Plizyè nan yo te angaje nan pwòp sektè ak òganizasyon pa yo.
- Sa n pa t swete rive a, rive kanmenm. Kominote entènasyonal la montre pi gwo enterè nan peyi a. Sitiyasyon yo wè a se pakèt divizyon ki genyen ak mank yon pwojè sosyete ansanm ; okazyon an se diferan kalamite k ap frape popilasyon an tankou kolera ki tounen, kriz gaz ak lavi chè, lekòl ki pa louvri, aktivite gang ki aji ak plis britalite, vyòl ak soufrans pou timoun. Okazyon an se demann gouvènman de fakto a ki an menm tan di « li kontwole sitiyasyon an », men an menm tan ki rele « osekou » paske twòp bagay chape l. Tout moun sèvi ak tout moun pou jwenn avantaj ak eskiz. Lidè politik sèvi ak « pèp », gang ak zam di yo apiye pèp pou fè revandikasyon yo vanse, an menm tan gang sèvi ak pèp pou fè krim ak asasinay, gwo biznis bezwen gang pou pwoteje tèt yo, gang bezwen biznis ak politisyen pou jwenn kòb ak mwayen pou fonksyone, menm jan tou y ap fè krim, kidnapin, vòl, ranson, el.
Si vous avez déjà créé un compte, connectez-vous GRATUITEMENT pour lire la suite de cet article.
Pas encore de compte ? Inscrivez-vous
0 commentaire
Les échanges courtois et argumentés font la qualité du débat.
Connectez-vous pour commenter. Un compte garantit que votre nom n'est utilisé que par vous.
Se connecter Créer un compte
Aucun commentaire pour l'instant. Soyez la première personne à réagir.