Sa gen anviwon trèz (13) mwa depi doktè Ariel Henry pran fonksyon kòm Premye minis nan yon egzekitif yon sèl tèt. Sa ki trayi lide fondalnatal Konstitisyon 1987 la. Pa gen demokrasi san respè manman lwa peyi a ak enstitisyon politik yo. Depi lè doktè Ariel Henry pran tèt peyi a rive jouk jounen jodi a, kondisyon lavi pèp ayisyen an vin pi malouk. Se maswife pèp la ap monte nan zafè move lavi, lamizè, ensekirite, krim tribòpabò, pwoblèm gaz, yon ekonomi ki sou lagraba, yon Leta ajenou, elatriye. Sa vle di, depi plis pase yon lane peyi a gen yon gouvènman k ap ranmase privilèj san l pa founi je gade tray pèp Ayisyen an ap viv chak jou Bondye mete.
Jodi a, chèf k ap layite kò l nan Primati a kenbe tout pouvwa Leta yo anba men li. Nanpwen prezidan. Nanpwen Palman kòdjòm nonplis pou kontwole aksyon gouvènman li a. Lajistis, bò kote pa l, pa vo kichòy. Gouvènans peyi a tounen yon galimatcha. Pa gen Chèf Leta, men gen yon Chèf siprèm nan Primati a k ap koupe rache san l pa gen kont pou l rann pèsonn. Se yon pouvwa k ap feraye dèyè do lalwa.
Publicité — faites défiler pour poursuivre la lecture
Si vous avez déjà créé un compte, connectez-vous GRATUITEMENT pour lire la suite de cet article.
Pas encore de compte ? Inscrivez-vous
0 commentaire
Les échanges courtois et argumentés font la qualité du débat.
Connectez-vous pour commenter. Un compte garantit que votre nom n'est utilisé que par vous.
Se connecter Créer un compte
Aucun commentaire pour l'instant. Soyez la première personne à réagir.