Lèt yon Peyizan pou Leta ayisyen
Mouche Leta ;
Nan non Granmèt la, nan non Lèsen Lezany yo ak tout lòt sa nou pa wè yo, m deside fon ti pawoli ake w jodi a. Ou konnen m pa konn voye kout plim, si m di way se kèk vye bèt ki pikenwen, se nan voye kout pikwa, kout pèl ak kout manchèt mwen mayèt. Sa fè, se yon sèvis yon bon pwochen ap rann mwen. Kidonk, m pap twò mize.
Mwen se yon papa 4 pitit k ap pile dlo pou fè bè. Nan kontre sousi ak lavi chak jou, mwen rive fè levansyon ak ledikasyon yo toulekat la : premye pitanm fini agwonomi jis yo fè l ekri yon liv ; dezyèm nan se yon enjenyè, lè yo bouke pase depoze papye nan biwo san yo pa janm pete ba yo santi, m g on san ki pran m, m fout vann 2 kawo tè ak kèk bèf, m voye yo ale Chili. Yo toulede t ap vann nan yon bòdèg lòtbò a. Li bon kanmenm paske baton gonmye miyò pase men vid. Twazyèm nan menm fini inivèsite l, m pa sonje jan yo di non l non, men g on « lòg » ladany, l ap vann nan yon bagay m tande yo rele paryaj pam ; dènye fiyan m diplome nan enfimyè depi 3 lane. Bon, kòm li pa jwenn anyen, l ap degaje l nan yon ti kòmès pen ak ze bò karetèl la. Lè m di w sa, se pa nan jwèt m bay filozòf sa yo non. Banm di w :
Si vous avez déjà créé un compte, connectez-vous GRATUITEMENT pour lire la suite de cet article.
Pas encore de compte ? Inscrivez-vous
0 commentaire
Les échanges courtois et argumentés font la qualité du débat.
Connectez-vous pour commenter. Un compte garantit que votre nom n'est utilisé que par vous.
Se connecter Créer un compte
Aucun commentaire pour l'instant. Soyez la première personne à réagir.