Radio Pacific 101.5 fm

Tribune 8 min de lecture

Lèt yon ouvriye nan Zòn franch Wanament pou Leta ayisyen

Lèt yon ouvriye nan Zòn franch Wanament pou Leta ayisyen

Mouche Leta ;

         Nan non papa Desalin ki te mouri pou ban nou ti moso zile sila, nan non tout pitit sòyèt parèy mwen yo, sou rekomandasyon diyite m ak pèsonalite m, sou presyon renmò ak laj, mwen deside adrese w lèt sa jodi a.

Mwen se yon jèn ouvriye k ap travay nan zòn franch Wanament lan. M pa pitit gwo zouzoun e ni m pa soti nan fanmiy lajan. Kidonk, non m pap ka demoute moulen w, men depi m di w ouvriye, sa deja di w kilès mwen ye. Jodi a mwen chwazi ekri w lèt sa pou m di w mèsi pou demach ou fè pou m te ka rive ouvriye apre 4 lane etid inivèsitè.  

Publicité — faites défiler pour poursuivre la lecture

Si vous avez déjà créé un compte, connectez-vous GRATUITEMENT pour lire la suite de cet article.

Connectez-vous

Pas encore de compte ? Inscrivez-vous

Suivez-nous sur WhatsApp

12 commentaires

Les échanges courtois et argumentés font la qualité du débat.

Connectez-vous pour commenter. Un compte garantit que votre nom n'est utilisé que par vous.

Se connecter Créer un compte

Rita Barrella Péan

Tout moun pral plenyen avèw san yo pa leve yon dwèt, san yo pa louvri yon pòt. Istwaw la tris anpil anpil, anpil , li touchem nan kèm, li reponn mwen nan tout trip mwen, nan tout kòt mwen, nan kòf lestomak mwen. Li frapem nan tèt ak nan lesprim M rele Rita Barrella Péan, m se moun okap map viv kapital. M ta renmen pale akow.

1 réponse

Rita Barrella Péan

Se jefò ki mennen bon jan rezilta

Me Boileau

Mesaj la fèm tris wi! Malerezman sanwont machann peyi yo pa gen sansiblite lakay yo. Se yn bann salòp, yn bann pwofitè. Ou ta di ke se de pasaj yo ye sou té a. Menm, m konnen yn jou lap jou kanmenm.

Linot Chery

finalman pou mwen menm pa gen oken mwayen mesye leta itilize pou tijèn pase nan peyi a. nou mèt pale sou pale poze tout pis solisyon yo yo pap fè way.enpòtan pou mwen se yon revolisyon jeneral bò kote nou la jenès pou ta fèmen tout bg pou repanse peyi.

Delis Werly

Lavi ayiti se toujou mare santi,nou pa gen moun kap panse pou nou, majorite dirijan ki ale reprezante nou yo se pòch yo selman yo wè,malgre yo te pase nan kalamite a .sa mwen remake anpil kòm erè nou fè se nan vote moun ki pa men jere men yon fwaye.defwa moun sa yo en tèm daksyon yo zero

1 réponse

DELIS WERLY

Pwoblèm nan se paske majorite nan nou poko konsyan de reyalite a. Pafwa, yo bwè ti ponyen ki konsyan an ak ti monnen. Gen nan nou ki onèt men ki pè mouri, kidonk pè pale.

Paul jean-eddy

Franchman m poko fin li lèt la dlo paka sispann koule nan zyem. Paskem wè m se yon viktim menm Jan avèw e gen anpil lòt toujou Ki viktim menm Jan avèw nou. M pase 5 lane etid inivèsitè m soufri anpil jounen jodi a mwen jwenn mwen nan pak endistriyèl karakol la. Pafwa m bay yon jèn parèy mwen rezon lèm wè se bandi li jwazi poul viv. Men elas li pa gen lot chwa. Ou menm Ki viktim menm Jan avèm Ann pa dekouraje m gen espwa kanmenm yon jou zetwal nou ap file Monte kanmenm.

1 réponse

Paul Jean-eddy

Monchè bagay la santi di wi. Lè w ap swiv mizè jenn kad nan peyi sa, ou pa ka anpeche dlo kouri nan je w nn.

JBL

Mwen pran tan m ak san m pou m li lèt la. Mèsi anpil Serge Bernard pou repotaj la. Map di mèt lèt tou mwen konprann sitiyasyon li. Map di li pran kouraj, kontinye lite, kontinye batay pou li viv, kontinye reve menm si Leta pa ta reponn li. M pa menm kwè Leta ap li l tou paske Leta soud li avèg e li petèt li iletre tou. Men kom li gen aklit li kapab toujou mande li lèt pou li. Istwa ou pa diferan de istwa m. Mwen ak ou se 2 pitit soyèt. Mèsi anpil anpil. Mwen swete Leta sangwen an li lèt la.

1 réponse

JBL

Ayibobo zanmanm ! Nou dwe batay pou n soti la. Rete plenyen pap pote solisyon.

David Richelieu

Moncher good job sim te gen pouvwa m tap elimine voltaire, rousseau, ect... poum ranplase yo pa ou menm ,trvy la pa fasil, kenbe la zantray sa se reyalite pèp ayisyen an.

1 réponse

David Richelieu

Se yon devwa pou leve vwa pou sila yo ki pa gen lavwa ochapit. Paske se nan zantray yo nou soti. Ou fè m ri wi bro. Rousseau t ap panse LaFrans, nou menm nou gen Ayiti cheri nou an pou panse.

À lire également

Toute la rubrique Tribune

Alertes du National

Recevez une notification sur votre téléphone ou votre ordinateur dès qu'un article paraît dans les rubriques de votre choix. Gratuit, avec votre compte lecteur.

Rubriques à suivre