Pozisyon kont vis ak tantasyon ki pa defandab nan sosyete dwa moun
Lwe kay se yon desizyon ki montre volonte pou yon moun jwi dwa grandèt majè li, ounyen pou li jwi dwa ak entimite li. Se 2 objektif, mwen ki ap ekri atik sa a, te vle reyalize, lè mwen te deside kite kay manman mwen, pou mwen ale anfème kay mwen, sa genyen anviwon 8 lane. Men, mwen ta pral konnen anpil dezilizyon sou kesyon dwa ak libète nan demokrasi ayisyèn lan ki pa jwenn okenn rasin nan valè moral, respè diferans, ak pliralis lide yo. Mwen te toujou kwè nan kèk lide sosyal epi politik mwen te ap defann nan aksyon mwen ak tèks mwen te konn ekri. Sa ki te lakoz mwen tounen sib pèsekisyon politik ki te dechire anpil relasyon sosyal mwen ak moun ki pwòch. Paske fòs koripsyon yo te genyen gwo lajan ak mwayen enstitisyonèl pou yo kowonp moun ki ta dwe defann mwen oubyen pou yo monte kont mwen moun ki pi vilnerab yo sou plan ideyolojik.
Premye epi prensipal fòm pèsekisyon sa yo te pran se te entrizyon nan kay mwen lwe chak ane yo. Souvan, mwen te toujou jwenn endis ki montre moun antre lakay mwen tankou ZENGLENDO epi FOUYE sa mwen genyen. Alòske yo pa janm vòlè pote anyen mwen posede ale. Objektif prensipal pèsekisyon an se toujou destabilize mwen, fè mwen viv ak mefyans epi sikoz laperèz, yon fason pou yo netralize mwen, oubyen fè mwen adopte menm pozisyon ak tout moun ki ap patoje nan yon imoralite ki se baz tout aksyon ki vize jwenn kichòy pou yo konsome epi rezime lavi ak sa sèlman. Men, daprè fòmasyon mwen, mwen te toujou refize viv tankou yon otomat, sa vle di yon robo yo pwograme epi ki pa dwe oubyen kapab reflechi. Mwen kwè, tankou tout entèlektyèl wòl mwen se reflechi epi bay opinion mwen sou SOSYETE mwen.
Pami tout aksyon mwen sibi kòm zak pèsekisyon, mwen te toujou genyen yon atansyon patikilye sou aksyon fouye bous mwen chak fwa mwen abite yon kay ki pa genyen douch entèn. Paske nan yon kay konsa, avadra yo, ti atoufè ki ap egzekite pwogram entèlektyèl ki ap reflechi fason pou pèsekisyon an genyen efikasite, kapab pwofite moman mwen ale benyen nan douch pou yo fouye bous mwen. Bagay sa ap fèt depi 8 lane . Pou mwen pwoteste kont VYOLASYON sa a ki te parèt nan je mwen tankou aksyon yo rele an anglè "PICKPOCKET", mwen te oblije tounen esklav yon bous ki pa menm genyen lajan ki kapab pèmèt mwen viv nan byennèt ak diyite. Pafwa, bous la konn vid epi mwen mete li nan pòch mwen pou mwen ale benyen , si kay la pa genyen douch entèn. Menm nan yon relasyon konjigal, mwen panse yon mari oubyen yon fanm ki ap fouye bous youn lòt, se moun imoral ki pa respekte tèt yo, menm si yo pa genyen sekrè pou youn ap fè lòt sou koze lajan ki ap antre nan kay la.
Si vous avez déjà créé un compte, connectez-vous GRATUITEMENT pour lire la suite de cet article.
Pas encore de compte ? Inscrivez-vous
0 commentaire
Les échanges courtois et argumentés font la qualité du débat.
Connectez-vous pour commenter. Un compte garantit que votre nom n'est utilisé que par vous.
Se connecter Créer un compte
Aucun commentaire pour l'instant. Soyez la première personne à réagir.