Radio Pacific 101.5 fm

Tribune 11 min de lecture

Delivrans gen jou l

Delivrans gen jou l

Onè respè pou otorite tout plim tout plimay k’ap mennen bak peyi sa a. Chapo pou nou mesyedam. Lontan, nan tout kwen nan peyi a, nou te konn di onè respè pou mèt kay otorize nou antre. Nou te konn d’il tou lè yon moun fè yon bon bagay, yon fason pou konplimante li. Kounye a, devan pòt tounen dèyè kay, dèyè kay tounen devan pòt, tout bagay chanje, tout bagay vin tèt anba. Kounye a nan peyi d’Ayiti se moun ki sèvi bwa pou boule, se zo moun ki tounen chabon pou nèg ki gen gwo pouvwa, gwo zam ak pil lajan. Lontan tout moun te respekte otorite yo pou fason yo te konpòte yo. Se te toujou onè respè lè’w rankontre yon otorite paske yo te merite sa tout bon vre. Kounye a, devan pòt tounen dèyè kay, otorite yo ap mache sou tèt, 2 pye anlè, men longè dwèt yo nan lajan Leta. Si’w ta di yo onè, yo ta dwe wont reponn respè paske yo pa merite sa.

Li mouri anvan li pèdi souf li, li te gentan mouri menm kote teworis yo t’ap boukannen pitit li a devan 2 grenn je’l la. Menmsi kadav li te jwenn fòs pou’l te rive nan komisarya a, men li te gentan  mouri kanpe. Onè respè pou nou otorite bout teren yo. Li pa mouri nan doulè men nan soufrans. Machann lanmò yo pat ni frape’l ni bat li, men yo te fè sakrifis ak pitit li devan 2 grenn je’l. Onè respè pou otorite ki gen pouvwa sèlman sou lajan Leta, nan gagote kès Leta. Yon kesyon pou otorite nan Leta a : eske se konsyans nou pran nou anile kanaval la, sak ta vle di nou gen yon ti kras konsyans ki rete oubyen  se Viv ansanm ki pa bay otorizasyon pou sa ? Antouka, si se konsyans nou pran, sa vle di gen espwa toujou, sa vle di nou ka sispann pran Lapolis ak Lame pou byen prive nou, nou ka kite yo fè travay yo jan Konstitisyon ak lalwa mande sa. Si se tout bon nou pran konsyans anile kanaval la, sa vle di nanm moun yo sakrifye yo, moun yo boule nan flanm dife yo, nanm ti bebe Eliana Telemaque la toumante nou kanmèm.

Nou fè konmsi sa pa enterese nou, nou fè konmsi nou pa wè, nou menm fè konmsi nou pa tande, tankou nou avèg, tankou nou soud. Nou dakò ak jounalis ki di pa gen bal pèdi paske tout bal yo vize pèp la, sèlman pèp la. Kidonk, adrès bal tout bandi se nan kò pèp la. Nou dakò tou ak konfrè nou ki di delivrans gen jou’l. Delivrans gen jou’l, jou vanjans lan, se jou pèp la ap revolte kont tout move je yo, moun k’ap touye, moun k’ap bay zam, moun k’ap vann zam, moun k’ap kontinye bay bandi lajan pou rete sou pouvwa, moun k’ap touche gwo lajan ki pa itil anyen nan peyi a. Lontan, lè te gen otorite tout bon nan peyi a, sekirite se te premye byen popilasyon an te genyen, kounye a sekirite se pou sèlman moun ki nan pouvwa,  k’ap jwi lajan Leta. Otorite yo ap tann sèlman lè gwoup kriminèl Viv ansanm ta boule Bank Repiblik d’Ayiti, Palè Nasyonal, Primati ak Vila dakèy pou yo ta oblije kite Lapolis ak Lame fè travay yo pou sove rès popilasyon an anba grif teworis yo, li ka twò ta.

Publicité — faites défiler pour poursuivre la lecture

Si vous avez déjà créé un compte, connectez-vous GRATUITEMENT pour lire la suite de cet article.

Connectez-vous

Pas encore de compte ? Inscrivez-vous

Suivez-nous sur WhatsApp

0 commentaire

Les échanges courtois et argumentés font la qualité du débat.

Connectez-vous pour commenter. Un compte garantit que votre nom n'est utilisé que par vous.

Se connecter Créer un compte

Aucun commentaire pour l'instant. Soyez la première personne à réagir.

À lire également

Toute la rubrique Tribune

Alertes du National

Recevez une notification sur votre téléphone ou votre ordinateur dès qu'un article paraît dans les rubriques de votre choix. Gratuit, avec votre compte lecteur.

Rubriques à suivre