Radio Pacific 101.5 fm

Tribune 7 min de lecture

Pozisyon ak klarifikasyon konsènan jan prezidan fransè a emmanuel macron te reponn kesyon pwofesè marky jean-pierre te poze li yo.

Pozisyon ak klarifikasyon konsènan jan prezidan fransè a emmanuel macron te reponn kesyon pwofesè marky jean-pierre te poze li yo.

Nan dat 19 novanm 2024 ki sot pase a, pandan Doktè Marky Jean-Pierre ki se Pwofesè nan Inivèsite Leta Bahamas (University of The Bahamas) te nan vil Rio de Janeiro pou yon konferans ki rele “Somè Limanite” (Humanity Summit), li te ale vizite zòn Bè Valongo ki se yon sit ki raple soufrans yon pil kretyen vivan ki te soti nan kontinan Lafrik. Se menm moman sa a tou Prezidan fransè a, Mesye Emannuel Macron, t ap vizite lye istorik sa a tou. Pou dividal sitiyasyon gravman grav popilasyon Ayiti a ap sibi anba tout moman tèrib kote edikasyon jenès la prèske disparèt, Pwofesè Marky Jean-Pierre, te pwofite adrese l avèk Prezidan an, sitou lè nou sonje pase istorik ki genyen ant Ayiti ak Lafrans.

Prezidan an te rive reponn entèwogasyon Doktè Marky Jean-Pierre yo plizoumwen. Nou konnen efè kolosal entèvansyon prezidan an fè nan laprès, ni an Ayiti ni nan monn entènasyonal la. Malerezman, puiske kesyon Pwofesè Marky Jean-Pierre te poze Prezidan an pa jwenn pyès atansyon nan laprès, piblik la pa vrèman jwenn resous ki kapab akonpaye pwofondè refleksyon konsènan kontni rankont Doktè Marky Jean-Pierre a avèk Prezidan fransè a sou sit kote yo te antere Afriken ki te mouri nan bato nan peryòd esklavaj la.  

Fò nou presize moun ki te poze prezidan fransè a kesyon yo se pa sèlman yon pwofesè inivèsite, se yon chèchè ki angaje l nan rechèch sou edikasyon an Ayiti epi yon ajan devlòpman ki ap fè travay benevòl nan ògazinasyon RIVE-Fondasyon Onè pou Ayiti – e li se se fondatè epi prezidan òganizasyon an.

Publicité — faites défiler pour poursuivre la lecture

Si vous avez déjà créé un compte, connectez-vous GRATUITEMENT pour lire la suite de cet article.

Connectez-vous

Pas encore de compte ? Inscrivez-vous

Suivez-nous sur WhatsApp

0 commentaire

Les échanges courtois et argumentés font la qualité du débat.

Connectez-vous pour commenter. Un compte garantit que votre nom n'est utilisé que par vous.

Se connecter Créer un compte

Aucun commentaire pour l'instant. Soyez la première personne à réagir.

À lire également

Toute la rubrique Tribune

Alertes du National

Recevez une notification sur votre téléphone ou votre ordinateur dès qu'un article paraît dans les rubriques de votre choix. Gratuit, avec votre compte lecteur.

Rubriques à suivre