Écrire à la rédaction
Radio Pacific 101.5 fm
Tribune

Lèt tou Louvri pou: Popilasyon Nòdès, Komite Kanal la, Popilasyon ak Peyizan Maribarou ak Wanament, Òganizasyon peyizan k ap travay latè, Tout Ayisyen konsène

Lèt tou Louvri pou: Popilasyon Nòdès, Komite Kanal la, Popilasyon ak Peyizan Maribarou ak Wanament, Òganizasyon peyizan k ap travay latè, Tout Ayisyen konsène

Nou, nan Kout Lanbi Rasanbleman pou Liberasyon Ayiti, KLARALA, ap salye Pèp Nòdès la, Komite Kanal la, moun Maribarou, moun Wanament ak respè . Se ak anpil rekonesans n ap di chapo ba e konpliman pou kouraj ak detèminasyon tout sa ki te travay san pran souf, e kanpe djanm anfas pwoblèm tout kalite, anfas vwazen ak moun tout plimay ki te mete ankwa pou kanal la pa t fèt. Batay pou met kanal la kanpe te voye gwo chòk elektrik nan venn Ayisyen toupatou, yo te pran fètekòz e yo te di: nou pa p ret kanpe gade, batay sa a se batay panou tou: Kanal la Pa p Kanpe. Koze kanal sa te rive kreye yon gwo solidarite nan mitan Ayisyen. Yon van fyète t ap soufle sou tout Ayisyen ki te bouke pran souflèt imilyasyon kote yo pase. Lespwa t ap boujonnen. Anpil men kontre te fèt pou ranmase lajan voye bay reskonsab kanal yo. Pa t gen ni twò gwo ni twò piti; tout moun bay sa yo kapab, epi n ap pouse. Se konmsi te gen yon lòt solèy k ap leve, diskou a te chanje, tout moun te sèmante 77 fwa 7 fwa, vwayaj sa, nou p ap pèdi batay la, paske pèp ki konn fòs yo e ki fè tèt kole pa gen dwa pèdi batay. Yo pa bezwen konnen si w adwat, si w agòch, si w wouj, si w nwa, si w pale angle, panyòl, ayisyen oswa franse: sèl sa yo konnen: Kanal la p ap Kanpe. Epi y ap pike devan pou bati 3 lòt, 6 lòt, 10 lòt kanal konsa, jiskaske peyi a vin vèt tankou powo, jiskaske yo kapab manje vant plen, 3 fwa pa jou, san kè sote pou pwèzon vwazen pa pete fyèl yo.

Se sa pwojè a te ye pa gen twò lontan, e se dèyè michan pwojè sa a Ayisyen te kanpe, paske se te pou benefis tout peyi a. Si nou byen sonje, konstriksyon Kanal Plèn Maribarou kòmanse pandan pèp Ayisyen t ap travèse yonn nan pi move epòk nan istwa l. Grangou t ap touye peyizan nan zòn nan, pandan otorite lokal yo t ap konfiske tè yo pou separe ak etranje. Vant pèp la te nan men vwazen ki t ap voye vann tout kalite pouriti andan peyi a. Se konsa pi fò moun nan zòn nan te pèdi lèspwa. Anpil nan yo te tonbe nan mizè e te tounen mandyan, pandan yon ti ponyen t ap byen mennen.

Alapapòt, lè peyizan te kòmanse travay ak fòs ponyèt yo, gouvènman apatrid Aryèl Anri a te pran pozisyon pou leta dominiken kont aspirasyon lejitim popilasyon Nòdès la. Peyizan yo te kontinye fouye e yo te vin jwenn gwo ranfò nan men kominote Wanament la. Yon kanpay te deklanche tout kote gen Ayisyen pou pote lamenfòt pou Kanal la pat kanpe. Dyaspora a te leve kanpe anblòk. Nou konnen tou sa ki pase apresa. Nou konnen kisa ki pou t a kontinye fèt, pou konsolide travay kanal la epi vanse pi douvan. Poutan, se ak gwo kè sote nou wè se pa sa k ap fèt. Kounye a se chirepit, se divizyon.

Si vous avez déjà créé un compte, connectez-vous GRATUITEMENT pour lire la suite de cet article.

Connectez-vous

Pas encore de compte ? Inscrivez-vous

0 commentaire

Les échanges courtois et argumentés font la qualité du débat.

Connectez-vous pour commenter. Un compte garantit que votre nom n'est utilisé que par vous.

Se connecter Créer un compte

Aucun commentaire pour l'instant. Soyez la première personne à réagir.

À lire également

Toute la rubrique Tribune

Alertes du National

Recevez une notification sur votre téléphone ou votre ordinateur dès qu'un article paraît dans les rubriques de votre choix. Gratuit, avec votre compte lecteur.

Rubriques à suivre