Écrire à la rédaction
Radio Pacific 101.5 fm
Tribune

OCHAN POU DOKTE MARC ROBERT GERMAIN, « BOB GERMAIN »

OCHAN POU DOKTE MARC ROBERT GERMAIN, « BOB GERMAIN »

Écouter l'article

N ap salye

Fanmi Doktè Robert Germain

Bèl salitasyon pou Madanm li, Jocelyne, pou pitit li

N ap salye Dwayen Fakilite Medsin

N ap salye ansyen Dwayen, ansyèn Dwayèn

N ap salye reprezantan AMH

N ap salye kolèg li, etidyan l,

N ap salye tout manm fanmi an, tout zanmi l

N ap salye tout moun alawonnbadè

Lè, yè aprèmidi, Dwayen Bernard Pierre rele m pou l envite m nan seremoni jodia Fakilte Medsin ak AMH ap òganize pou onore memwa yon ansyen Dwayen, mwen te reponn li WI san reflechi. Pa prensip.

Wi paske se yon ansyen Dwayen n ap rann omaj. Wi paske se yon pèsonaj ki te enpòtan pou Fakilte a, pou Inivèsite a. Wi paske se yon pèsonalite ki make tout yon jenerasyon, plizyè jenerasyon. Epi se te yonn nan pi gwo reprezantan yon pwofesyon ki si tèlman enpòtan nan lavi nou tout: lamedsin.

Mwen te di WI tou paske lè yon Dwayen, yon Dwayen Medsin, fè w yon demand ki konsène yon lòt Dwayen Medsin, li difisil pou w di NON.

Menm si m potko konnen sa m ta pral di, menm si m te kòmanse mande Dwayen Bernard Pierre si l ka ban m kèk lide.

Men se lè Dwayen Bernard Pierre voye anons ofisyèl la pou mwen, mwen vin konsyan se de Doktè Robert Germain l t ap pale m.

Touswit, mwen vin santi se pa senpman pa prensip pou m pran lapawòl. Se yon devwa, yon obligasyon ala fwa pèsonèl ak enstitisyonèl.

Wi mwen byen di pèsonèl. Paske se yon pèsonalite mwen konnen. Pa paske m te konn pratike l, chita pale avè l, diskite avè l. Men m ka di m te nan bon pozisyon pou m te gen bon jan enfòmasyon sou Doktè Bob Germain.

Doktè Marc Robert Germain se te Pwofesè, Dwayen, mentó defen madanm mwen, Doktè Chantal Desrosiers, anpil nan nou te ka konnen, kòm etidyan, kòm kanmarad, kòm rezidan, kòm rezidan chef, kòm Doktè, kòm zanmi.

Chantal te respekte Doktè Germain anpil. Li te admire l, li te renmen l. Li menm ak madan Germain, Jocelyne – Djoss - te de (2) bon zanmi, de (2) kanmarad kannik, tankou moun nan Nó ta di. Yo te sitèlman zanmi se Djoss Chantal te chwazi pou marenn nòs nou.

Chantal te toujou ap fè lwanj pou konpetans Doktè Germain kòm doktè, kòm chirijyen, kòm Pwofesè , kòm administratè, kòm Dwayen men tou kòm moun, kòm yon pèsonalite ki te gen yon gwo nivo imanite.

Sa k te sitou enpresyone Chantal se jan Doktè Germain te yon moun jis, entèg, dwat, yon moun kare, ki di sa l kwè, ki kwè sa l di. Li pa t janm pèmèt yo pase dwa etidyan l , dwa Fakilte a anba pye. Si gen yon avantaj ki vin pou yonn, li pa t janm dakó pou yo fè pasdwa, pran pa yonn bay yon lòt.

Pa bliye lè l t ap dirije Fakilte a se te yon moman espesyal, kote te gen de pèsonaj ki te gen anpil pouvwa, ki te panse yo te ka fè e defè sou tèt pouvwa yo, sou tèt non yo, sou tèt fòtin yo. Doktè Germain pa t janm ezite mete l ankwa kont tout tantativ pou se pa ta ak fós kouray ou, ou rive pase konkou admisyon, resevwa nòt ou merite, reyisi egzamen sesyon, egzamen pasaj Fakilte a, jwenn bous, jwi privilèj, elatriye.

Tout sa te fè yo te respekte Fakilte Medsin ki te rive moute byen wo drapo ekselans akademik lan nan yon moman ki pa t fasil.

Pou l te rive fè sa, li te blije met deyó anpil kouraj, anpil abnegasyon, anpil detèminasyon, anpil lanmou tou pou Fakilte a, pou etidyan l yo, pou kólèg li yo, pou Inivèsite a, pou pwofesyon medsin nan, pou malad yo tou.

Se tout Inivèsite a ki te pwofite travay Doktè Germain.

Li ta bon pou n ta rive mezire valè dèt Inivèsite a genyen pou Bob Germain. Nan tan fè nwa, nan tan boulvès, Bob Germain se te yonn nan pèsonalite – yo pa t anpil nan peryòd sa a - ki te kanpe kin pou l defann prensip akademik anpil otorite t ap eseye pase anba pye. Menmsi anpil nan otorite sa yo se te bon zanmi l. Li te ede Fakilte Medsin ak tout Inivèsite Leta a kenbe eskanp figi yo nan respekte valè ak nòm ki defini nannan yon Lekòl, yon Fakilte, yon Inivèsite.

Inivèsite Leta a pa dwe janm bliye Bob Germain ede l reyisi yon tranzisyon delika. Se nan epòk li te dwayen an anpil etidyan ki te soti nan divès gwoup sosyal t ap frape pòt Fakilte Medsin nan. Li te rive louvri pòt pou yo agrandlijyèn, fè respekte dwa yo san l pa t fè okenn konsesyon sou prensip fondalnatal ki karakterize Sektè Ansèyman Siperyè a. Nou ka di Bob Germain jwe yon gwo wòl nan demokratizasyon Ansèyman Siperyè nan peyi d Ayiti.

Pati sa a nan istwa Inivèsite nan peyi a, nan Inivèsite Leta a sitou, nou poko ekri l

Antouka se pou tout rezon sa yo nou koube n byen ba devan memwa Doktè Marc Robert Germain. Yon konpatriyòt òtpòt, yon patriyòt konsekan, ki fè valè nou, valè enstitisyon l te dirije a, valè enstitisyon l depann de li a. Epi valè peyi a.

Nan moman peyi nou an ap viv yonn nan pi tris epizod nan istwa l, kote sektè sante a sot pran gwo kou, kote nou sanble n pèdi tout bousol nou , kote n parèt gaye, san n pa konn kote n prale, li bon, li nesesè pou nou sonje gwo pèsonaj sa yo peyi nou an pwodwi ki dwe sèvi n kòm modèl, kòm referans, kòm egzanp ki dwe enspire n.

Pou nou raple n tou nou pa t toujou konsa. Epi pou nou gen sètitid, asirans ak lafwa nou gen kapasite leve tèt nou, nou ka soti nan move pas sa a..

Annatandan, Bob Germain, kontinye chimen w sou wout ki deja trase pou ou a. Chantal gen tan rezève pou ou yon plas espesyal nan jaden limyè ki antoure l la. Li déjà pare bèl akèy pou ou ak yon gwo manman boukè ki gen tout kalite flè :

Flè lakontantman

Flè lapè

Flè lanmou

Flè rekonesans

Nan non pa l, nan non Inivèsite a, nan non pa m, m ap prezante fanmi Doktè Germain, espesyalman madanm li Jocelyne Carrenard Germain, pitit li ak tout kolèg li , etidyan l, ak tout Fakilte Medsin tout senpati nou, tout lapenn nou. Nou pwofite prezante yo tou swè nou pou yo gen anpil kouraj.

Pou yo sèten Doktè Bob Germain pa mouri. L ap viv a travè nou tout ki gen pou li l anpil rekonesans, anpil admirasyon, anpil fyète dèske nou te pratike l.

Mèsi anpil

 

Pòtòprens, 28 Jen 2024

FRITZ DESHOMMES

REKTE

0 commentaire

Les échanges courtois et argumentés font la qualité du débat.

Connectez-vous pour commenter. Un compte garantit que votre nom n'est utilisé que par vous.

Se connecter Créer un compte

Aucun commentaire pour l'instant. Soyez la première personne à réagir.

À lire également

Toute la rubrique Tribune

Alertes du National

Recevez une notification sur votre téléphone ou votre ordinateur dès qu'un article paraît dans les rubriques de votre choix. Gratuit, sans inscription.

Rubriques à suivre