Ayiti: Chanjman konstitisyon dènye batay kolon yo kont Ayisyen
Ayisyen kale je nou! Mwen pa ka konprann se toujou lè kabrit fin pase pou nap rele fèmen baryè. Mwen pi pa konprann toujou kòman pou yo ap kidnape nou, rache, boule nou, fèmen pò ak ayewopò nou, yap kraze sistèm sante nou, sistèm bankè nou, yap kraze lopital, lekòl, inivèsite nou, yo ap detui laboratwa medikal nou yo, devan je moun ki di yo se zanmi nou yo, ki vini ak gwo zam pou defann anbasad yo ak enterè resòtisan yo, epi yo pa fè anyen pou retire grif malfini anba kou nou. Sèl sa ki enterese yo se itilize 2,3 moun ki te dwe fè jibile yo deja nan politik akoz move rezilta ak laj, epi se yo ki ta gen konpetans pou vin chanje konstitisyon an ak yn gouvènman pwovizwa. Kap gen pou fè yn eleksyon chanpwèl pou mete nèg ki gen grenn zanno kay òfèv lakay yo sou pouvwa pou vin vann yo peyi a an detay pou lasibab.
Epi sa pa di nou anyen? Sa pa fè nou sispèk se yn dènye palavire legal yo pwal ban nou pou yo fini nèt ak nou?
Antouka, si nou dakò chanje konstitisyon an san nou pa chita tèt frèt nan pi bon moman ki ka pèmèt nou chèche sa kap bon pou nou ak moun ke nou ka fè konfyans, ki pou amonize chanjman yo ak kòd sivil ak lòt lwa ki garanti valè nou kwè ladanl yo ak souverènte nou, nap wè joudlan anvan nwèl.
Si vous avez déjà créé un compte, connectez-vous GRATUITEMENT pour lire la suite de cet article.
Pas encore de compte ? Inscrivez-vous
0 commentaire
Les échanges courtois et argumentés font la qualité du débat.
Connectez-vous pour commenter. Un compte garantit que votre nom n'est utilisé que par vous.
Se connecter Créer un compte
Aucun commentaire pour l'instant. Soyez la première personne à réagir.