Écrire à la rédaction
Radio Pacific 101.5 fm
Tribune

Ansèyman Kreyòl Ayisyen ap obligatwa nan tout antite Inivèsite Leta Ayiti yo sou pwogram «Lang ak Kilti Kreyòl » pou kòmanse nan ane akademik 2024-2025

Ansèyman Kreyòl Ayisyen ap obligatwa nan tout antite Inivèsite Leta Ayiti yo sou pwogram «Lang ak Kilti Kreyòl » pou kòmanse nan ane akademik 2024-2025

Kote refòm akademik nan Inivèsite Leta Ayiti jodiya soti

Nan fen lane 80 yo, te gen yon gwo van demokrasi ki tap soufle sou tout enstisyon peyi Ayiti. Inivèsite Leta Ayiti (ILA), ki te pliye anba li tou, te deside chanje sistèm gouvènans li ki te sou lobedyans ansyen gouvènman diktati Duvalier. Avèk konstisyon 1987 la ki konsakre yon rejim demokratik pou chwazi dirijan li yo nan eleksyon, li te tou natirèl pou Inivèsite Leta a te suiv menm chimen pou chwazi dirijan pa li yo tou, kote ankenn gouvènman pap gen pou nome yo ankò.

Se jis nan lane 1997, demach sila te kòmanse avèk sa yo rele Dispozisyon Tranzitwa (DT) ki te mande pou genyen yon refòm ak mete an plas yon lwa òganik pou òganize tout fakilte yo sou menm banyè. Chay sila a te tonbe sou do premye konsèy inivèsite a ki antre nan lane 1998, malerezman sa pat gentan fèt jouk eleksyon vini fèt nan lane 2002 pou chwazi nouvo dirijan yo ki ta pral vin pote chay sila a sou do l. Malerezman jouk jounen jodiya ankenn nan misyon sa DT a te bay la pa janm fèt.

Si vous avez déjà créé un compte, connectez-vous GRATUITEMENT pour lire la suite de cet article.

Connectez-vous

Pas encore de compte ? Inscrivez-vous

1 commentaire

Les échanges courtois et argumentés font la qualité du débat.

Connectez-vous pour commenter. Un compte garantit que votre nom n'est utilisé que par vous.

Se connecter Créer un compte

Allan

Bon sole/ Bon lannwit ! Mwen renmen tèks sa anpil. Sa fè kè m kontan lè m wè gen anpil moun k ap ekri nan lang kreyòl Ayisyen an. M gen yon ti dout lè m wè nou ekri " JODIYA, PYÈSMOUN " ak kèk lòt mo ankò. Sa mwen menm m ap di : " jodi a , pyès moun " N a di m si m byen di. Mèsi anpil

À lire également

Toute la rubrique Tribune

Alertes du National

Recevez une notification sur votre téléphone ou votre ordinateur dès qu'un article paraît dans les rubriques de votre choix. Gratuit, avec votre compte lecteur.

Rubriques à suivre