Plis n ap vanse sou 7 fevriye, plis krim san non ap ogmante. Plis abolotyo pral dedouble, plis aganman pral parèt kò yo. Plis diskou yo pral pi pa gen sans e plis y ap vyolan tou. Malerezman se plis ap gen move zèb nan jaden lanmou an.
Plis n ap vanse nan 7 fevriye 2024, se plis sitiyasyon jeneral peyi Dayiti ap pi mangonmen. Plis tou machin enfènal la pral deraye, l ap pèdi fren. Rezilta anbyans sa nou tout konnen l deja. Plis laperèz, plis konsè zam ak bal prèske tout kote. Plis moun ki p ap kapab deplase. Se plis zak malonèt ak sankoutya tankou: vòl, vyòl, kidnapin, rache moun.
Konsekans lan sou plan ekonomik: tout sa w bezwen pou sèvi pral kontinye monte pou kite tèt katedral la. Lajan p ap reprezante pip tabak. Epi lè nou louvri je nou 8 fevriye 2024 n ap wè mouche Ariel Henry Premye minis, prezidan e Wa tou.
Publicité — faites défiler pour poursuivre la lecture
Si vous avez déjà créé un compte, connectez-vous GRATUITEMENT pour lire la suite de cet article.
Pas encore de compte ? Inscrivez-vous
0 commentaire
Les échanges courtois et argumentés font la qualité du débat.
Connectez-vous pour commenter. Un compte garantit que votre nom n'est utilisé que par vous.
Se connecter Créer un compte
Aucun commentaire pour l'instant. Soyez la première personne à réagir.