Pesonn moun pa dwe pran plezi, pa dwe ri malè yon lòt moun. Se prensip lavi a menm sa ye. Men, tankou nou tout konnen l, genyen sitiyasyon yon moun ap benyen, nenpòt jan w vire koze a, nenpòt fason w analize l, ou pa bezwen gen kè kase pou w admèt sitiyasyon an se moun nan ki plonje tèt li ladan l ak tout konsyans li.
Ki esplikasyon ekip k ap defann atoufè ak kòl blan yo/bandi ak kravat yo/dechèpiyè Leta yo ap bay popilasyon an pou fè l konprann se enjistis, se pèsekisyon politik, se asasina karaktè, yon pakèt gwo ekspresyon pou pou kraponnen nou, y ap fè tout moun ki sou lis plizyè peyi etranje kòm otorite ki anflajele peyi a, anflajele Leta.
Se pou defansè kòz enposib sa yo vini ak atik Konstitisyon an ou lwa peyi a ki bay yon moun dwa depi w anndan Leta ou byen ou genyen enfliyans nan Leta ou kapab detripe l, ou kapab wete tout chè sou li nan detounen resous li ta dwe dispoze pou bay sitwayèn ak sitwayen yo sèvis tankou: sante, edikasyon, manje, konstwi enfrastrikti, lwazi sen pou pèmèt nou viv tankou moun dwe viv.
Publicité — faites défiler pour poursuivre la lecture
Si vous avez déjà créé un compte, connectez-vous GRATUITEMENT pour lire la suite de cet article.
Pas encore de compte ? Inscrivez-vous
0 commentaire
Les échanges courtois et argumentés font la qualité du débat.
Connectez-vous pour commenter. Un compte garantit que votre nom n'est utilisé que par vous.
Se connecter Créer un compte
Aucun commentaire pour l'instant. Soyez la première personne à réagir.