Mesaj Papa Dessalines ak popilasyon Wanament lan.
Mwen ankouraje nou konstui kanal. Lè nou fin n fè premye sa, kontinye fè yon dezyèm, epi yon twazyèm. Jiskaske n a rive egalize ak zòt nan kantite kanal ki gen sou zile a.
Popilasyon Wanament, mwen ap pwofite pou m di nou, pandan ke prèske tout ayisyen tou patio sipòte gwo pwojè a, se kontinye fouye twou, epi fè kanal. Dlo ki ap koule nan rivyè Masak la, se pa pou vwazen an sèlman li ye. Li se pou yo e li se pou nou tou.
Mwen pa konnen kòmannou ap rele kanal yo. Kanal diyite. Kanal solidarite. Kanal souvren. Kanal endepandans. Kanal inite nan divèsite. Mwen pa konnen tou si nou ap chwazi inogire premye kanal lan 17 oktòb ou 18 novanb. Sa ap depan n de nou. Sa ap depan nan moman an, ki lwa ki danse nan tèt nou. Ki vle di: sa ap depan de ki sa zansèt yo ap di nou pou n fè.
Si vous avez déjà créé un compte, connectez-vous GRATUITEMENT pour lire la suite de cet article.
Pas encore de compte ? Inscrivez-vous
0 commentaire
Les échanges courtois et argumentés font la qualité du débat.
Connectez-vous pour commenter. Un compte garantit que votre nom n'est utilisé que par vous.
Se connecter Créer un compte
Aucun commentaire pour l'instant. Soyez la première personne à réagir.