Lèt tou louvri pou nasyon ayisyèn lan
Pèp ayisyen
Mwen salye nou tout, fanm ak gason, timoun ak granmoun, nan non konstitisyon demokratik 29 mas 1987 la. Mwen asiste tout sa nou soufri kòm kalamite politik, mizè ekonomik, eksklizyon sosyal, pandan 25 lane ki pase yo, depi moman mwen kòmanse rezone sou lavi ak rasyonalite. Mwen salye kouraj nou, rezistans nou, ak sajès sosyal nou ki pa janm kite nou tonbe nan okenn lagè sivil, tankou sa abitye pase nan lòt sosyete.
Men, mwen plis admire lakay nou imanite nou. Mwen pa janm kwè, ni imajine nou genyen nan nanm nou babari, oubyen nan san nou jèn enferyorite ki ta kapab anpeche nou panse, elabore, transmèt valè moral ki nesesè pou moun viv ansanm tankou moun ki renmen moun. Sepandan, se avèk anpil lawont, anpil kè sere, anpil jèn mwen viv tout kalite soufrans moral, tout kalite imilyasyon, tout kalite pèsekisyon politik kèk endividi, kèk aktè ki nan diferan sektè nan sosyete a fè mwen viv. Se vyolasyon dwa moun konstitisyon an preskri sanksyon pou yo, chak fwa yo rive, chak fwa yon moun sibi yo. Malgre vyolasyon sa yo detwi lavi mwen, imaj mwen, entegrite moral, relasyon sosyal mwen konstwi ak zanmi, mwen pa janm nouri layèn nan kè mwen.
Si vous avez déjà créé un compte, connectez-vous GRATUITEMENT pour lire la suite de cet article.
Pas encore de compte ? Inscrivez-vous
0 commentaire
Les échanges courtois et argumentés font la qualité du débat.
Connectez-vous pour commenter. Un compte garantit que votre nom n'est utilisé que par vous.
Se connecter Créer un compte
Aucun commentaire pour l'instant. Soyez la première personne à réagir.