Pozisyon ANNIH sou grev nasyonal enseyan yo
ANNIH, nan lojik pou ankouraje ak sipòte revandikasyon anseyan yo nan tout peyi a, koube l byen ba devan tout anseyan konsekan pou l salye kouraj yo ak detèminasyon yo nan batay pou egzije Minis Nesmy MANIGAT, Minis Michel Patrick BOISVERT ak Premye Minis Ariel HENRY reponn rapid vit avèk ansanm revandikasyon yo. Se nan batay san fè wout kwochi n ap rive tabli yon lòt lekòl. Yon lekòl ayisyen ak yon sèl vitès e k ap chita sou lanmou-lavi-lapè, k ap rive konstwi yon sitwayen ayisyen konsyan pou patisipe nan tranfòmasyon sosyo-ékonomik peyi l jouk nan nannan. Se nan batay san jwèt anba tab, san chèche ti ponyen enterè mesken n ap rive gen yon lekòl ki kadre ak reyalite peyi n.
ANNIH ap mande ak tout manb li yo nan kat kwen peyi a pou yo pote kole jouk mayi mi nan tout mobilizasyon ki vize defann ak ranfòse dwa moun k ap feraye nan sektè Levasyon an. Li lè li tan pou Otorite nan Leta a sispans trete pwofesè tankou twèl mouye douvan pòt yo. Tout pwofesè nan peyi a - prive kou piblik - dwe kanpe travay pou fòse Leta a respekte dwa yo. Yon pwofesè pa ka kontinye ap viv ak yon salè tibèkiloz. Pi grav ankò, se chak 3 mwa pwofesè yo resevwa yon mwa salè koupe souf la; yon salè ki deja pa kapab reponn ak bezwen fanmi ankenn Pwofesè menm pou yon semenn. Ogmantasyon pri gaz, rate gaz ak ensekirite jeneralize a vin pi konplike lavi pwofesè yo e popilasyon an chak jou. Se nan batay pou defann e fè respekte dwa nou, n ap rive trase chimen pou sa k ap vini yo.
Si vous avez déjà créé un compte, connectez-vous GRATUITEMENT pour lire la suite de cet article.
Pas encore de compte ? Inscrivez-vous
0 commentaire
Les échanges courtois et argumentés font la qualité du débat.
Connectez-vous pour commenter. Un compte garantit que votre nom n'est utilisé que par vous.
Se connecter Créer un compte
Aucun commentaire pour l'instant. Soyez la première personne à réagir.