Alo, alo tonton, ou pran pòz ou pa tande ak konprann nan sa ke nou ye an. De tout fason, se Toma, ti neve w pa jan m renmen depi lè l te fin pran nesans nan lane 1804 nan lopital Vètyè ki sitiye l nan ri Libète nan Site endepandans lan.
Si w tande kominikasyon an pa two klè, se paske pa gen bon siyal kote m ye anba kabann lan. Mwen panse w konnen si m anba kabann lan nan lè sa, se paske m pa vle yon bal mawon nan pil katouch gwo zam ki ap tire 24 sou 24 nan vil lan pran m epi voye m nan peyi san chapo. Paske pwovèb lan di: depi tèt pa koupe, li espere met chapo.
Tonton, tonton ou la? Bay telefòn ou an yon ti volim. Paske mwen ta renmen w byen tande sa ke m ap di w yo. Li enpòtan. Paske, medizan mal palan yo di ke se lakay ou ke tout pil gwo zam sa yo sòti. Mwen di se pa vre. Mwen pa vle kwè.
Publicité — faites défiler pour poursuivre la lecture
Si vous avez déjà créé un compte, connectez-vous GRATUITEMENT pour lire la suite de cet article.
Pas encore de compte ? Inscrivez-vous
0 commentaire
Les échanges courtois et argumentés font la qualité du débat.
Connectez-vous pour commenter. Un compte garantit que votre nom n'est utilisé que par vous.
Se connecter Créer un compte
Aucun commentaire pour l'instant. Soyez la première personne à réagir.