Koutba sou koutba
Se pa konsa, Ayiti rete li rive kote li ye a. Nan maryaj pèp la te vle fè ak lame a, lanmou an pat dire twò lontan. Paske lame a se tèt li selman l te wè nan relasyon an. Nou sonje jeneral ki te nan tèt CNG a te di nan Nouyòk: «Jan nou wè figi m fre a, se konsa pèp ayisyen ye.»
Sa se youn, men kanta pou bakoulou sa yo rele kominite entènasyonal la menm, se pi rèd. Mantè pase yo pa genyen. Wa ipokrit pa w, men pa pase yo. Yo toujou konpòte yo tankou ti sen, men se yon ekip rat mòde soufle. Se yo, men se pa yo. Yo rizèz, resèlèz, machann lèt. Yo toujou ap bay bèl pawòl tout la jounen pou yo k ab dechèpiye tout sa Ayiti genyen anba wòb li, de preferans nan sou sòl li ak anba lanmè l.
Podyab, pèp ayisyen te tèlman kwè nan fo pwomès nan zafè demokrasi ak dwa moun ki te ap pale an, li te panse se yon bagay serye ki te ap regle. Malerezman pou peyi a, pil pwojè sa yo toujou fè foch kouch ou byen fo zanmi yo te toujou avòte yo depi nan vant. Ajoute ak rat kay ki te toujou ap manje pay kay, donk tout rezilta yo se koudba sou koudba.
Si vous avez déjà créé un compte, connectez-vous GRATUITEMENT pour lire la suite de cet article.
Pas encore de compte ? Inscrivez-vous
0 commentaire
Les échanges courtois et argumentés font la qualité du débat.
Connectez-vous pour commenter. Un compte garantit que votre nom n'est utilisé que par vous.
Se connecter Créer un compte
Aucun commentaire pour l'instant. Soyez la première personne à réagir.