Lejann di Ayiti te okipe Dominikani: Men se manti
Ayiti pat janm okipe Dominikani, kwak sa, manti sa a kontinye parèt lan liv lekòl sou tou 2 bò zile a. Se tout plezi gouvènman Dominiken an sikile manti a dekwa pou moun lakay li ka konprann Ayiti se yon peyi belijeran pou yo mefye. Lejann okipasyon an itil dirijan Dominikani yo paske sa pèmèt yo prezante Ayiti kòm yon peyi nwa fewòs. Konsa, yo monte tèt Dominiken fè yo gen rayisab pou vwazen yo. Tou lòt jou la a, rayisab sa a parèt lan Lwa 168-13 kote Gran Tribinal Dominikani denasyonalize denyè Dominiken ki eritye Ayiti.
Sou bò Ayiti a menm, lejann nan fè anpil Ayisyen santi peyi a te tèlman gran, li te menm dirije yon lòt nasyon. Lejann nan voye n monte kòmkwa te gen yon epòk kote Ayiti te yon gran puisans. Li te puisan tankou sèten peyi ann Ewòp, ann Amerik Santral, ann Afrik ki te puisan lan zòn lakay yo, men ki vin pèdi fil alèkile. Yon ilizyon konsa fè ni mizè peyi a, ni mank enfliyans entènasyonal peyi a pi tolerab.
Avrèdi, Ayiti se yon peyi distenge pa paske li te kolonize lòt pèp, men paske li te elimine esklavaj pandan li te toupiti piti lan mitan yon pil towo peyi ki te genyen l rayisab. Lè w konsidere sa, se mirak Ayiti la toujou. Depi lè peyi a fèt , se debat peyi a ap debat pou wè si l a egziste. Ewo nasyonal yo fè anpil jefò diplomatik pou wè si yo te ka fè Lafrans, Espay, Angletè, Etazini konprann sèl okipasyon peyi a se defann ti bout tè pa li a, san li pa menase pesonn.
Si vous avez déjà créé un compte, connectez-vous GRATUITEMENT pour lire la suite de cet article.
Pas encore de compte ? Inscrivez-vous
0 commentaire
Les échanges courtois et argumentés font la qualité du débat.
Connectez-vous pour commenter. Un compte garantit que votre nom n'est utilisé que par vous.
Se connecter Créer un compte
Aucun commentaire pour l'instant. Soyez la première personne à réagir.