Sou zafè pwoblèm dlo moun Komin Pestèl pa ka jwenn: kòz ak solisyon?
Dènye semenm sa yo, nouvèl meteo ki sòti nan komin Pestèl ki nan depatman Grandans e ki gen yon popilasyon evalye a 44,659 abitan ak yon sipèfisi 286,8 km² pa bon ditou. Se divès rèl k ap sòti nan tout senk (5) seksyon kote popilasyon an ap rele anmwey akòz yo pa ka jwenn yon tigout dlo pou yo jwenn bwè, alewè pou yo pa ta jwenn dlo pou yo fè lòt bagay. Komin lan ap travèse pi gwo sechrès li pa janm konnen. Dapre rapò otorite yo, anpil bèt gentan mouri,rekòt yo pèdi. Sou 5 seksyon yo, se sèlman Dichiti pwoblèm pa gen dlo a pa poze. Sòti santvil la jouk rive yon bon pati nan 4èm seksyon, se menm reyalite a. Kisa ki kòz chak ane gen pwoblèm pa gen dlo sa? Eske se yon pwoblèm ki pa ka rezoud ?
Pwoblèm pa gen dlo Pestèl la se yon reyalite ki la digdantan paske nan liv Istoryen franse Moreau de Saint Méry aprann nou nan liv li te ekri sou tout Zile a kalamite premye franse ki te debake nan zòn lan te pase lè pou yo te jwenn yon tigout dlo pou yo fè manje ak pou bwè [1]. Nou li se dlo lapli yo te konn itilize. Enfo sa mwen rapòte la pase depi nan lane 1756 lè «Frères de la Côte» t ap viv nan Zile kaymit ansyen 6è seksyon Pestèl. Men sa nou li sou sa:
«Le manque d'eau condamne à faire usage de citerne ou de marres, aux Caïmites. Des entonnoirs, sans nombre, dont ce sol est criblé, empêchant que la pluie même n'y produise le plus petit courant d'eau. S'il y a des sources, elles sont le long de la mer, et leur eau saumâtre n'adoucit pas les regrets. (P 800) »
Si vous avez déjà créé un compte, connectez-vous GRATUITEMENT pour lire la suite de cet article.
Pas encore de compte ? Inscrivez-vous
0 commentaire
Les échanges courtois et argumentés font la qualité du débat.
Connectez-vous pour commenter. Un compte garantit que votre nom n'est utilisé que par vous.
Se connecter Créer un compte
Aucun commentaire pour l'instant. Soyez la première personne à réagir.